Accessibility links

Breaking News

Samdi 8 Jiyè 2017: 2èm Edisyon FESTIART nan Washington/Maryland



Jean Pierre Leroy, Jounalis Sèvis Keyòl VOA, se òganizatè prensipal evennman kiltirèl FESTIART la.
Jean Pierre Leroy, Jounalis Sèvis Keyòl VOA, se òganizatè prensipal evennman kiltirèl FESTIART la.

Jean Pierre Leroy ki tap reponn reponn kesyon Lyonel Desmarattes sou 2èm Edisyon FESTIART nan Washingto/ Maryland.
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:06 0:00


Objektif randevou atistik anyèl sa a se pèmèt ameriken ak imigran divès peyi dekouvri ou refè konesans ak plizyè kilti diferan, sitou kilti ayisyèn nan.

Pou yon 2èm ane youn apre lòt ayisyen ak ayisyèn ki nan rejyon metwopolitèn Washington DC, pral gen okazyon asiste, samdi 8 jiyè 2017 la, yon espektak ak plizyè dimansyon ki rele FESTIART. Randevou a se nan Lise Blair (Blair High School) nan vil Silver Spring, nan Eta Maryland.

Oganizatè prensipal evennman kiltirèl sa a, Jean-Pierre Leroy, di randevou atistik sa a ap reyini atis ki sòti nan diferan gwoup etnik : Ayisyen, Nwa-Ameriken, Brezilyen, Afriken, elatriye… Objektif inisyativ sa a se anime non sèlman manm dyaspora ayisyèn ki nan zòn nan, men pèmèt reprezantan kominote lokal la ak divès lòt peyi kap viv nan Washington e tou prè kapital federal Lèzetazini an dekouvri ou refè konesans ak plizyè kilti diferan, sitou kilti ayisyèn nan.

Klike sou lyen ki anlè atik sa a pou plis detay avèk J. P. Leroy ki tap reponn kesyon Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG