Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pral Nonmen Christopher Wray kòm Nouvo Direktè FBI


Christopher Wray ki tap pale nan yon konferans pou laprès nan Depatman Jistis la nan Washington, D.C. (Foto achiv).
Christopher Wray ki tap pale nan yon konferans pou laprès nan Depatman Jistis la nan Washington, D.C. (Foto achiv).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, anonse li pral nonmen ansyen komisè gouvènman federal Christopher Wray pou ranplase James Comey nan tèt Biwo Ankèt Federal la (FBI). Misye Trump fè anons la nan kòmansman jounen mèkredi 7 jen 2017 la, swa yon jou anvan Misye Comey –direktè FBI prezidan an te revoke sa pa gen lontan-- fè depozisyon l devan komisyon sèvis sekrè Sena a.

2 foto sa yo montre Prezidan Donald Trump nan dat 28 fevriye 2017 (agoch), ak ansyen direktè FBL la, James Comey (Foto: 7 jiyè 2016)
2 foto sa yo montre Prezidan Donald Trump nan dat 28 fevriye 2017 (agoch), ak ansyen direktè FBL la, James Comey (Foto: 7 jiyè 2016)

Obsèvatè yo atann yo aske manm komisyon sa a poze mesye Comey anpil kesyon sou swadizan entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini. Pami kesyon sa yo, genyen ki pral santre sou tantativ Prezidan Trump te fè pou li enfliyanse ansyen direktè FBI la yon fason pou l te sispann yon ankèt ajans la tap mennen sou swadizan konbinezon ki ta fèt ant responsab kanpay Misye Trump la ak peyi Larisi dekwa pou yo te fè rezilta prezidansyèl novanm 2016 la panche bò kote kandida repibliken an, an palan de Misye Trump.

Chris Wray te dirije divizyon afè kriminèl Depatman Jistis la ant 2003 e 3005 sou administrasyon George W. Bush la. Li te mennen ankèt sou divès gwo konpayi pou konnen si yo pat mele nan koken fiskal nan yon epòk kote James Comey tap travay kòm minis jistis adjwen Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG