Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Revokasyon Direktè FBI la Kontinye Domine Aktyalite a nan Washington


Prezidan Donald Trump pandan li tap pale nan Sal-Es Mezon Blanch la nan Washington, vandredi 12 me 2017.
Prezidan Donald Trump pandan li tap pale nan Sal-Es Mezon Blanch la nan Washington, vandredi 12 me 2017.

Nan Washington D.C., La Mezon Blanch refize di si Prezidan Donald Trump abitye fè anrejistre konvèsasyon li genyen ak pèsonalite lap resevwa nan Salon Oval la, oubyen rankont li genyen avek moun li envite manje nan palè a.

Nan jounen vandredi 12 me 2017 la, Misye Tromp fè plis bri ak mezantant ki pete ant li menm ak direktè FBI li revoke a, James Comey. Vrèman vre, lidè ameriken an pibliye sou kont Twitter li yon nòt kote li di kòmkwa moun ta anrejistre youn nan konvèsasyon ki te dewoule ant li-menm ak Misye Comey pi bonè ane sa a. Nan nòt sa a, Prezidan Trump ekri pou l di:

“Li ta pi bon pou James Comey si pa genyen okenn anrejistreman konvèsasyon nou yo anvan yo fuite nan laprès.”

Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sean Spicer, pandan li tap prezante yon pwendprès nan Washington.
Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sean Spicer, pandan li tap prezante yon pwendprès nan Washington.

Nan pwendprès Sekretè laprès Mezon Blanch la, Sean Spicer, bay vandredi a, yon jounalis te poze l kesyon sou nòt la. Kòm repons, Misye Spicer di “Prezidan an pa gen anyen lap ajoute sou sa l di a.” Sepandan, Sekretè laprès la pale plizyè fwa pou l di mesaj Misye Trump la “se pa yon menas. Prezidan an eksprime laverite tou senpleman. Twit la klè ase eli vle di sa l vle di a.”

XS
SM
MD
LG