Accessibility links

Breaking News

Envitasyon Prezidan Trump voye bay Prezidan Filipin nan Fè Gwo Bri nan Kongrè Ameriken an


 Prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte, pandan li tap pale ak laprès aprè fen 30èm Somè Lidè Peyi Azi Sid-Es yo, nan vil Maniy, kapital Filipin, samdi 29 avril 2017 la.
Prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte, pandan li tap pale ak laprès aprè fen 30èm Somè Lidè Peyi Azi Sid-Es yo, nan vil Maniy, kapital Filipin, samdi 29 avril 2017 la.

Nan Washington, pòtpawòl Mezon Blanch la, Sean Spicer, fè konnen desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l envite Ozetazini prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte, ak lidè kèk lòt peyi nan rejyon Azi de Lès la, antre nan kad yon estrateji pou izole Kore di Nò. Misye Spicer, ki tap abòde dosye a lendi premye me a, deklare:

“Se yon okazyon pou nou travay avèk peyi nan rejyon sa a ki kapab jwe yon wòl sou plan diplomatik la ak plan ekonomik la pou izole Kore di Nò. E, franchman, enterè nasyonal Lèzetazini, mete sou sekirite pèp ameriken an ak zòn azyatik la, reprezante priyorite nimewo 1 Prezidan Donald Trump. "

Pandan Prezidan Trump te genyen yon konvèsasyon telefònik nan wikenn pase a avèk lidè peyi Taylann, Sengapou ak Filipin, li envite yo vin fè yon vizit ofisyèl Ozetazini. Men envitasyon li lanse bay prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte (ki se yon veritab rebèl e va-tan-gè), pwovoke reyaksyon fawouch nan Kongrè ameriken an e li revòlte militan kap defann dwamoun atravè lemond. Rezon an sè ke, depi Misye Duterte te monte sou pouvwa a, li fè pase pa lèzam plizyè santèn sitwayen filipen sou akizasyon deske yo mele nan trafik dwòg oubyen yap pran dwòg; viktim sa yo mouri egzekite san yo pa menm pase devan yon tribinal.

XS
SM
MD
LG