Accessibility links

Breaking News

Tansyon Kontinye Ap Ogmante ant Peyi Venezuela ak Òganizasyon Eta Ameriken yo, OEA


Tomas Guanipa (devan, adwat ), se yon depite nan kowalisyon Venezyelyèn nan pati opozisyon (MUD), ki tap pale pandan yon sesyon nan Asanble Nasyonal la ki nan Karakas, Venezyela avril 5, 2017.
Tomas Guanipa (devan, adwat ), se yon depite nan kowalisyon Venezyelyèn nan pati opozisyon (MUD), ki tap pale pandan yon sesyon nan Asanble Nasyonal la ki nan Karakas, Venezyela avril 5, 2017.

Tansyon ant Prezidan Venezuela a Nicolas Maduro ak Òganizasyon Eta Ameriken yo pa sispann ogmante apre OEA fin aprouve lendi 3 avril 2017 la yon rezolisyon ki mande pou nasyon sid Amerikèn nan retounen nan lòd demokratik. Rezolisyon an tout lanse apèl pou moun sipòte dwazimen ak libète fondamantal.

Opozisyon venezuelyèn nan ki an majorite nan palman an kanpe tenn fas pou kontrekare tantativ pi gran tribunal peyi pran pou l kontwole kò lejislatif la. Depite opozisyon Jose Manuel Olivares di li konsidere aksyon kou Siprèm nan kòm yon kou deta ki menase demokrasi peyi a. Depite Manuel Deklare: “Sak fèt la a se yon swadizan koudeta. Yo dwe fè yon ankèt pou jwenn moun ki responsab yo, trennen yo devan lajistis.”

Seyans Òganizasyon Eta Ameriken an, OEA sou kriz politik peyi Venezuela a.
Seyans Òganizasyon Eta Ameriken an, OEA sou kriz politik peyi Venezuela a.

21 nan 34 peyi manm òganizasyon rejyonal la te patisipe nan sesyans kontwovèse a malgre pwotestasyon bò kote Venezuela ak 2 lòt alye ki se Nikaragwa ak Bolivi. 17 peyi te vote an favè rezolisyon OEA a. Sepandan, 4 peyi Bahamas, Beliz, Repiblik Dominikèn ak El Salvador te fè abstansyon.

Nan fe lendi 3 avril la, lendi 3 Avril la, Prezidan Nicolas Maduro te pase anba pye rezolisyon òganizasyon rejyonal la li ki tounen yon tribinal pou pèsekite Venezuela. Mesye Maduro kritike seyans la li di ki dewoule malgre objeksyon prezidan Konsèy Pèmanan an, reprezantan peyi Bolivi a Diego Pary Rodriguez. Mesye Maduro di li konsidere rezolisyon an kòm yon kou deta kap maniganse andedan òganizasyon an kont peyi li Venezuela.

Prezidan OEA a Luis Almagro dekri rezolisyon an kòm yon pa enpòtan pou retabli demokrasi O Venezuela. La Barbad apiye demach la san rezèv. Bò kote pa l reprezantan enterimè Etazini nan OEA, Kevin Sullivan, mande gouvènman Venezuela a pou l patisipe nan yon dyalòg konstriktif ak rès peyi manm òganizasyon an.

Samdi 1 avril 2017 Kou Siprèm Venezuela a te ranvèse desizyon pou l te mete palman an sou kontwòl li apre yon gwo leve kanpe kminote lokal e entènasyonal ki pat dakò ak desizyon an. Sepandan ajans Nouvèl Reuters fè remake pi gwo tribunal Venzuela, ki pa kache konplisite li ak pouvwa pouvwa Prezidan Maduro a, pa bezwen apwobasyon Palman an pou l negosye lavant pwodui petwolye peyi a.

Lese frape ant lapolis ak manifestan opozisyon yo nan Karakas, Venezuela, 4 avril 2017.
Lese frape ant lapolis ak manifestan opozisyon yo nan Karakas, Venezuela, 4 avril 2017.

Semen pase a, manifestasyon te dewoule nan Karakas kote plizyè moun te pran beton an pou pwoteste kont desizyon kou siprèm nan. Yon depite nan opozisyon an, ki te nan manifestasyon an, te pran yon kout wòch nan tèt.

Plizyè peyi nan rejyon an tankou Etazini, Brezil, Ajantin ak Pewou te denonse ak tout fòs yo desizyon Kou Siprèm nan.

Yon rankont OEA te òganize semen pase a pou pran sanksyon kont Venezuela te sibi yon echwèk paske plizyè peyi manm òganizasyon an pami yo Ayiti te kanpe fèm ak nasyon sid ameriken an.

Senatè Repibliken pou eta Florid, Marco Rubio. 21 fevriye 2017.
Senatè Repibliken pou eta Florid, Marco Rubio. 21 fevriye 2017.

Senatè Ameriken pou eta Florid la, Marco Rubio, te lanse apèl pou peyi manb òganizasyon an pami yo Ayiti pou sipòte Etazini ki vle pou lòd demokratik la retounen o Venezuela.

XS
SM
MD
LG