Accessibility links

Breaking News

Otorite yo nan Larisi Arete Plizyè Sispèk nan Kad Atak Mòtèl ak Bonm ki te fèt nan Estasyon Tren Sennaya a


Gwo mezi sekirite nan estasyo tren Sennaya nan St. Petersburg, Larisi apre atak mòtèl ak bonm nan. 5 avril 2917.
Gwo mezi sekirite nan estasyo tren Sennaya nan St. Petersburg, Larisi apre atak mòtèl ak bonm nan. 5 avril 2917.

Komite leta kap mennen ankèt nan Larisi a arete nan vil Sen Petersburg 6 mesye ki se moun Azi Santral, ke otorite yo sispèk kòmkwa yo ta ede aktivite teworis, 2 jou apre yon atak mòtèl te fèt sou yon estasyon metro sou-teren chaje ak moun nan vil sa a.

Gwoup la anba akizasyon kòmkwa li ta rekrite lòt mesye ki soti nan repiblik Azi Santral yo pou anwole yo nan gwoup Eta Islamik la ak lòt gwoup ekstremis depi 2015. Men komite a pibliye yon deklarasyon ki fè konnen pako gen okenn endikasyon ki ta konekte gwoup la ak atak ak bonm ki sot touye 14 moun nan kote plizyè douzèn lòt soti blese. Anketè Larisi yo idantifye Akbarzhon Dzhalilov kòm kamikaz ki te lanse atak la.

Lidè mondyal yo an Chin, ann Ewòp, nan Brezil elatriye te voye kondoleyans yo. Prezidan Etazini Donald Trump te telefone Prezidan ris la Vladimir Putin e ofri tout sipò li pou reponn atak la.

XS
SM
MD
LG