Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Somali a, Mohamed Abdullah Mohamed, Pwomèt pou l Mete Stabilite nan Peyi a


Prezidan Somali a, Mohamed Abdullahi Mohamed, moun konnen sou non Farmajo, pandan seremoni inogirasyon li nan Mogadishu, Somali, 22 fevriye 2017.
Prezidan Somali a, Mohamed Abdullahi Mohamed, moun konnen sou non Farmajo, pandan seremoni inogirasyon li nan Mogadishu, Somali, 22 fevriye 2017.

Nouvo prezidan peyi Somali a prete sèlman ofisyèlman mekredi 22 fevriye 2017 la, nan yon seremoni kote li pwomèt pou l koumanse mete stabilite nan peyi a ke lagè fin ravaje, men li avèti ke travay sa a ap pran plizyè lane.

Mohamed Abdullah Mohamed, moun konnen kòm “Farmajo”, prete sèman nan kapital Mogadisio, an prezans 3 chèf deta nan rejyon an ak plizyè douzèn diplomat, pami yo anbasadè Etazini nan Somali a, Stephen Schwartz.

Mesye Farmajo mande moun Somali pou ede l retabli lòd nan peyi a ki deja soufri plizyè dizèn lane konfli andan lakay li akoz yon pakèt klan rival ak aktivite militan islamik yo, yon sityasyon ke sechrès vin agrave tanzantan.

Menm kote li fin pale a, Grand Bretay pwomèt yon pwogram 125 milyon dola pou bay manje ann ijans pou jiska yon milyon moun nan Somali.

XS
SM
MD
LG