WASHINGTON, DC —
Ozetazini, divès gwoup kap defann dwa imigran lanse yon modòd kote yo mande imigran kap viv tou patou sou tèritwa ameriken an rete lakay yo, pa ale nan travay pandan tout jounen jedi 16 fevriye 2017 la, kòm yon mesaj yap voye bay administrasyon Trump la pou montre li pwa imigran yo nan ekonomi amerikèn nan. Mouvman sa a se yon repons pou dekrè Prezidan Donald Trump te siyen pou entèdi sitwayen 7 peyi mizilman antre Ozetazini.
Klike sou lyen anlè a pou w koute reyaksyon Jean-Robert Lafortune, youn nan dirijan Haitian-American Grassroots Caolition, yon òganizsyon kap defann dwa imigran e ki baze nan vil Miami, nan Eta Florid.