Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Donald Trump ak Premye Minis Britanik la, Theresa May, Vandredi 27 Janvye 2017 la


Premye Minis Theresa May ki tap pran lapawòl devan yon gwoup palmantè Repibliken ameriken ki te reyini pou yon konferans-retrèt nan Filadèlfi, Eta Pennsilvani, jedi 26 janvye 2017 la.
Premye Minis Theresa May ki tap pran lapawòl devan yon gwoup palmantè Repibliken ameriken ki te reyini pou yon konferans-retrèt nan Filadèlfi, Eta Pennsilvani, jedi 26 janvye 2017 la.

Premye Minis britanik la, Theresa May, pare pou l mande yon renouvèlman sa li rele “relasyon espesyal ki egziste ant La Grand Bretay avèk Lèzetazini", nan moman peyi li ap pare pou l kite Inyon Ewòp la e pandan prezidan ameriken an, Donald Trump, fèk komanse manda 4 tran li a nan La Mezon Blanch.

Chèf gouvènman britanik la vizite vil Filadelfi, nan Eta Pennsilvani, nan jounen jedi 26 janvye 2017 la anvan li rankontre ak Misye Trump nan La Mezon Blanch vandredi. Lap tounen premye lidè etranje Prezidan ameriken ap resevwa depi li te prete sèman vandredi 20 janvye pase a.

Yon lòt ang ki montre Premye Minis Theresa May pandan li tap pale nan retrèt palmantè Repibliken yo nan Filadèlfi.
Yon lòt ang ki montre Premye Minis Theresa May pandan li tap pale nan retrèt palmantè Repibliken yo nan Filadèlfi.

Pandan Madam May nan Filadelfi a, li pran lapawòl nan yon retrèt lidè Repibliken yo nan kongrè a --retrèt kote, daprè yon diskou Madam May te prepare davans, li mete aksan sou relasyon istorik ki egziste ant Washington avèk Lond.

Prezidan Trump ak vis-prezidan Mike Pence, yo menm tou, asiste retrèt la nan jounen jedi a. Misye Trump pran lapawòl pou l anonse chanjman li vle pote nan politik nasyonal ak entènasyonal Lèzetazini, avèk yon aksan espesyal sou dekrè li deja pran pou l kòmanse reyalize pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la e sou travay kap tann kèk nan manm nouvo kabinè li a.

XS
SM
MD
LG