WASHINGTON, DC —
Nouvèl ki sòti Pòtoprens fè konnen pòtpawòl Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Nicole Siméon, anonse materyèl sansib yo pou dewoulman 2èm tou eleksyon lejislatif yo ap rive nan jounen jedi 19 janvye 2017 la nan ayewopò Toussaint Louverture.
Korespondan nou Orpha Dessources di nou Madam Siméon fè konnen yon 2èm livrezon gen pou rive nan kapital Ayiti a nan dat 21 janvye a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute deklarasyon pòtpawòl KEP a sou livrezon materyèl elektoral yo.