Accessibility links

Breaking News

Kolonbi-Politik : Pwochen Repriz Negosyasyon yo ant Gouvènman an ak Gwoup Guerilla ELN


Kat Jewografik sa a montre tèritwa kolonbyen an ak kèk pati nan peyi ki antoure l yo.
Kat Jewografik sa a montre tèritwa kolonbyen an ak kèk pati nan peyi ki antoure l yo.

Nouvèl ki sòti nan peyi Kolonbi fè konnen gouvènman an pral reprann negosyasyon ki te bloke ant otorite yo ak manm yon lòt mouvman guerilla nan dat 8 fevriye 2017 la apre gwoup la te aksepte libere yon òm politik li te pran an otaj. Se 2èm pi gwo gwoup rebèl nan peyi a e non li se ELN (Ejercisio de Liberaciòn Nacional -oubyen Lame Liberasyon Nasyonal). Sa gen plis pase yon lane depi gouvènman an te anonse repriz negosyasyon sa yo; men repriz la tap trennen, paske ELN te derefize libere politisyen an kesyon an.

Nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, pandan prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, tap patisipe nan Fowòm Ekonomik Mondyal la nan vil Davos, nan peyi Lasuis, li fè konnen gwoup guerrilla a dakò kounye a pou l libere otaj la.

Prezidan Juan Manuel Santos ki tap mete yon mesaj sou negosyasyon lapè yo devan pèp kolonbyen an nan vil Bogota. (Foto: 10 oktòb 2016).
Prezidan Juan Manuel Santos ki tap mete yon mesaj sou negosyasyon lapè yo devan pèp kolonbyen an nan vil Bogota. (Foto: 10 oktòb 2016).

Sa pa gen lontan Misye Santos te ranpòte Pri Nobèl Lapè a poutet negosyasyon li te mete sou pye ak pi gwo gwoup rebèl kolonbyen an (FARC: Fòzame Revolisyonè Kolonbi a); apre sa li te deklare, si li rive fè lapè ak 2èm pi gwo gwoup guerrilla kap opere nan peyi a, sa ka pèmèt li tabli yon lapè total, kapital e konplè sou tout tèritwa kolonbyen an.

XS
SM
MD
LG