Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon Prezidansyèl - Reyaksyon Pozitif Konsèy Sekirite l'ONU an


Men deklarasyon Konsèy Sekirite l'ONU an mete devan laprès apre piblikasyon rezilta definitif eleksyon prezidansyèl yo ann Ayiti:

"Manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini an bat bravo pou anons rezilta final eleksyon 20 novanm yo nan peyi Dayiti.

"Manm yo felisite otorite yo nan gouvènman ayisyen an, espesyalman Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an ak Polis Nasyonal la, e yo prezante konpliman yo bay pèp ayisyen an pou yon pa pozitif sou wout retablisman konplè enstitisyon demokratik yo an Ayiti.

"Yo egzòte tout aktè politik yo aksepte rezilta final eleksyon yo, evite komèt zak vyolans epi travay ansanm pou yo bati yon Ayiti ki gen estabilite ak pwosperite.

"Manm Konsèy Sekirite a repete apui yo pou efò ki nesesè pou rès eleksyon yo dewoule a-tan, nan transparans ak lapè. Yo fè remake Ayiti te òganize eleksyon yo ak pwòp mwayen li, e yo mete aksan sou nesesite ijan pou Ayiti genyen yon gouvènman ki eli demokratikman e pou lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a.

"Manm Konsèy la prezante felisitasyon yo tou bay MINUSTAH poutèt li te kontinye akonpaye gouvènman ayisyen an pandan eleksyon sa yo, e yo eksprime rekonesans yo pou pèsonèl MINUSTAH a ak peyi kote yo sòti yo.

"Se avek enpasyans yap tann pou l"ONU voye an Ayiti yon misyon estratejik ki pral evalye situasyon an nan peyi a, menm jan yap tann rekòmandasyon misyon sa a va fè sou avni prezans ak wòl Nasyon Zini nan peyi a."

XS
SM
MD
LG