Accessibility links

Breaking News

“Mwen pa Pral Mete Okenn Diplomat Ameriken Deyò”—Deklarasyon Prezidan Larisi a, Vladimir Poutin


 Prezidan Larisi a, Vladimir Poutin
Prezidan Larisi a, Vladimir Poutin

Misye Poutin pale konsa apre Prezidan Barack Obama te anonse Washington ap ekspilse kèk diplomat ris epi mete sanksyon sou do Larisi poutèt ajan sekrè peyi sa a “te mele nan eleksyon prezidansyèl yo” Ozetazini.

Prezidan peyi Larisi a, Vladimir Poutin -ki tap pale nan kapital la, Moskou, vandredi 30 desanm 2016 la-- deklare gouvènman Ii a pa pral mete deyò okenn diplomat ameriken kòm reyaksyon aprè Prezidan Barack Obama te anonse, nan jounen jedi a, Lèzetazini deside enpoze sanksyon sou Larisi epi ekspilse kèk diplomat peyi sa a poutèt ajans sekrè ris “te mele nan eleksyon prezidansyèl” ki te dewoule Ozetazini nan mwa Novanm pase a. Nan yon deklarasyon Kremlen an pibliye jodi vandredi nan Moskou, Misye Putin di :

“Mwen pa pral kreye pwoblèm pou diplomat ameriken ki nan peyi nou an. Nou pap mete pèsonn moun deyò. Nap respekte prensip dwa entènasyonal ki mande pou Larisi reponn avek sajès e jantiyès. Menmsi nou gen dwa pou n ta reponn kif-kif, nou pap bese ase ba pou n tonbe nan nivo sa ki rele “yon diplomasi kuizin"; men nap pran tout dispozisyon pou nou retabli bon jan rapò ant Moskou ak Washington, rapò ki va baze sou politik pwochen administrasyon Trump la.”

Katye Jeneral Depatman Deta a nan Washington DC. (Foto Achiv).
Katye Jeneral Depatman Deta a nan Washington DC. (Foto Achiv).

Kòm repons, Depatman Deta a deklare:

“Nou pran akt de kòmantè Prezidan Putin yo; nou pa genyen anyen dòt pou n ajoute.”

XS
SM
MD
LG