Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Tiki, Gouvènman an Kòmanse Jije Polisye Ki Te Swadizan Mele nan Yon Konplo Echwe kont Leta


Polis paramilitè ki te rive anvan pwosè a te kòmanse pou yo te bay tribinal la ak jij yo sekirite.
Polis paramilitè ki te rive anvan pwosè a te kòmanse pou yo te bay tribinal la ak jij yo sekirite.

Nan peyi Latiki, lajistis kòmanse pwosè 29 polisye ki anba akizasyon dèske yo te ede konplotè li te lanse yon koudeta echwe nan mwa jiyè pase a - tantativ-kou sa a te koze lanmò 270 moun epi li te pouse gouvènman an lanse yon gwo kokenn chenn operasyon koukouwouj dèyè konplotè yo. Pwosè a ap dewoule nan vil Istanboul.

Daprè komisè gouvènman yo -reprezantan pati akizasyon an, donk Leta ak swadizan lasosyete-- moun sa yo ta ede panzouyis yo, paske yo pat ranpli devwa yo te genyen pou yo pwoteje rezidans prezidan peyi a, Recep Tayyip Erdogan.

Prezidan Peyi Latiki a, Recep Tayyip Erdogan.
Prezidan Peyi Latiki a, Recep Tayyip Erdogan.

21 nan polisye yo ka fè fas ak kondanasyon a-mò si lajistis jwenn yo koupab dèske yo te eseye ranvèse gouvènman an; lòt yo, yo menm, kapab pran yon tou prizon ki ka dire jiska 15 zan poutèt yo ta manm yon swadizan gwoup teworis.

XS
SM
MD
LG