Accessibility links

Breaking News

Mache Atik Nwèl Vil Bèlen an Relouvri, Jedi 22 Desanm 2016, 3 Jou Apre Atak la


REUTERS-Foto ki montre reouvèti mache Atik Nwèl la nan Bèlen apre atak ak kamyon pwa lou a kote 10 moun pou pi piti te pèdi lavi yo e 50 lòt te soti blese. Almay: 22 desanm, 2016.
REUTERS-Foto ki montre reouvèti mache Atik Nwèl la nan Bèlen apre atak ak kamyon pwa lou a kote 10 moun pou pi piti te pèdi lavi yo e 50 lòt te soti blese. Almay: 22 desanm, 2016.

Mache Nwel la nan Bèlen kote yon eleman ki tap kondi yon kamyon pwa lou, l te touye 12 moun, lendi ki te 19 desanm 2016 la, reouvè ak yon gwo prezans lapolis e ak baraj an gwo blòk beton ki antoure li.

Flè moun depoze nan lye atak la kòm omaj pou moun ki mouri yo nan Mache Atik Nwèl la nan Bèlen, Almay 22 desanm 2016.
Flè moun depoze nan lye atak la kòm omaj pou moun ki mouri yo nan Mache Atik Nwèl la nan Bèlen, Almay 22 desanm 2016.

Òganizatè evenman an pran desizyon pou reouvè mache a san yo pa jwe mizik fèt e san gwo limyè, ke yo ranplase ak chandèl e ak flè ke moun te kite nan lye atak la kòm omaj pou moun ki mouri yo.

Prensipal sispèk nan atak la, Anis Amri, t ap chache azil nan peyi a, men otorite imigrasyon alamnd yo te rejte demand li a, e li te anba siveyans lapolis.

XS
SM
MD
LG