Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon o Meksik. Bilan: Omwen 31 Mò plis 72 Blese.


Foto gwo eksplozyon ki fèt nan pi wo mache fedatifis peyi Meksik la nan vil Tultepec, nan dat 20 desanm 2016 la.
Foto gwo eksplozyon ki fèt nan pi wo mache fedatifis peyi Meksik la nan vil Tultepec, nan dat 20 desanm 2016 la.

Nan peyi Meksik, yon seri eksplozyon fèt nan yon mache popilè kote yo vann fedatifis tou prè vil Meksiko, kapital la. Bilan: 31 moun pou pi piti mouri tandiske 72 lòt blese.

Debri eksplozyon yo kite nan vil Tultepec, o Meksik. Dat foto a : 21 desanm 2016).
Debri eksplozyon yo kite nan vil Tultepec, o Meksik. Dat foto a : 21 desanm 2016).

Mache San Pablito a sitye nan vil Tultepec, sou yon distans 30 kilomèt o nò capital la. Li te chaje avèk moun ki tap achte fedatifis pou Fèt Nwèl la ak Joudlan an.

Biwo minis jistis meksiken an di se 6 eksplozyon ki fèt e yo koze anpil destriksyon. Otorite yo ouvè yon ankèt pou yo chache konnen si mèt boutik ki tap vann fedatifis la pat vyole lwa sou dife ak eksplozif e ki moun ki responsab pou aksidan an.

Yon sous ofisyèl di ekip lejis yo oblije itilize analiz jenetik pou yo eseye idantifye kèk nan moun ki mouri yo.

XS
SM
MD
LG