Accessibility links

Breaking News

Yon Lidè Dwamoun nan l’ONU Mande Aksyon Lajistis Kont Prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte


Prezidan Rodrigo Duterte ki tap fè yon diskou nan Sengapoure nan dat 15 desanm 2016 la.
Prezidan Rodrigo Duterte ki tap fè yon diskou nan Sengapoure nan dat 15 desanm 2016 la.

Yon Wo responsab kesyon Dwamoun nan Nasyon Zini, Zeid Ra’ad al-Hussein, lanse yon apèl madi 20 desanm 2016 la pou l mande yon ankèt sou prezidan Peyi Filipin nan, Rodrigo Duterte, akoz li te di li-menm pèsonèlman, li te touye plizyè moun ki ta swadizan mele nan zak kriminèl.

Komisè Ajans Dwamoun l'ONU an mande otorite yo nan Filipin ouvè yon ankèt sou asasina Prezidan Duterte ta komèt dapre yon deklarasyon li fè vandredi 16 desanm nan, kote li di li te touye ak bal 3 nèg pandan li te majistra vil Davao.

Zeid Ra’ad Al Hussein, wo-komisè l'ONU pou Zafè Dwamoun
Zeid Ra’ad Al Hussein, wo-komisè l'ONU pou Zafè Dwamoun

Mesye Al-Hussein ajoute, moun pa ka konprann kouman fè aparèy jistis yon peyi kap fonksyone pa pran okenn aksyon kont yon moun ki di kareman e piblikman li se yon asasen. Nan yon diskou Mesye Duterte te fè sa pa gen lontan, li te deklare li te gen abitid siyone lari vil Davao, kote li te majistra pandan lontan, pou l te chache kriminèl epi touye yo yon fason pou l te bay polisye yo egzamp pou yo suiv.

Prezidan Duterte te menase pou l wete Filipin nan Oganizasyon Nasyon Zuni akoz kritik diplomat l'ONU yo fè sou lit kont trafik dwòg lap mennen nan peyi li.

XS
SM
MD
LG