Accessibility links

Breaking News

Magazin Forbes nonmen Vladimir Putin “Nèg ki pi Puisan nan Lemond”


Prezidan Peyi Larisi a, Vladimir Putin.
Prezidan Peyi Larisi a, Vladimir Putin.

Magazin biznis ameriken Forbes nonmen Prezidan peyi Larisi a, Vladimir Putin, kòm moun ki pi puisan nan lemond pou ane 2016 la. Se 4èm ane youn apre lòt Misye Putin resevwa distenksyon sa a nan men magazin nan.

Prezidan-eli Lèzetazini an, Donald Trump, vini an 2èm pozisyon daprè Forbes ki pibliye rapò anyèl li a mèkredi 14 desanm 2016 la. Revi ekonomik la ekri pou l di :

“ Prezidan Larisi a pèmèt peyi li egzèse enfliyans li nan tout kwen Planèt nou an.”

Magazin Forbes ajoute:

“Vladimir Putin, ki genyen 64 tran, fè mannèv ki kontinye pèmèt li jwenn tout sa l vle. Konvansyon ki reji aksyon tout lòt moun nan rès mond la pa konsène li, epi puisans li pa sispann ogmante nan ane ki pase yo.”

Pandan Misye Putin ranfòse pozisyon li nan tèt lis la, prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump, pa sispann monte tou; li sòti nan 72èm plas ane pase a pou l okipe 2èm pozisyon an ane sa a.

Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump (agoch), epi Vladimir Putin.
Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump (agoch), epi Vladimir Putin.


Dapre Magazin Forbes, rezon ki fè Misye Trump pran grad nan klasman an, se paske misye gen dwa mele nan anpil eskandal san li pa bay lajistis yon jwen pou kondane li, mete sou le fèt ke li ede Pati Repibliken an domine 2 chanm Kongrè ameriken an, plis pwa richès pèsonèl li.

XS
SM
MD
LG