Prezidan ris la Vladimir Putin nan yon rankont ak laprès felisite Prezidan eli Ameriken an Donald Trump ki pote yon viktwa sou advèsè demokrat li a, Hillary Clinton. Selon analis ak sitwayen òdinè, chanjman atmosfè politik sila a kapab pèmèt yon amelyorasyon nan relasyon Lèzetazini ak Larisi.
Misye Putin fè konnen li espere travay ansanm ak pwochen prezidan ameriken an pou wete relasyon ant 2 peyi yo nan kriz li ye jodi a. Li di li swete bon jan relasyon ak Larisi ak Lèzetazini pral ogmante chans pou rezoud kesyon entènasyonal ak reponn defi mondyal yo sou kesyon sekirite.