Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: 3 Moun Mouri nan Konfwontasyon Tou Pre Fwontyè ant End ak Pakistan


Antèman yon sòlda endyen ki te mouri pandan bal tap tire sou fwontyè ant Pakistan ak End. 24 oktòb, 2016.
Antèman yon sòlda endyen ki te mouri pandan bal tap tire sou fwontyè ant Pakistan ak End. 24 oktòb, 2016.

Kout zam pa lòt bò fwontyè ant End ak Pakistan nan rejyon ki an diskisyon nan Kashmir la touye 3 moun pou pi piti, pami yo 2 timoun.

Kèk sous lapolis nan End fè konnen yon ti gason pèdi lavi l e 4 sivil blese nan bonbadman tou pre fwontyè ant 2 peyi yo nan moman sòda pakistanè tap tire kout zam nan kòmansman jounen lendi 24 oktòb 2016 la.

Kalite tansyon sa yo te kòmanse monte wo nan zòn nan depi nan mwa septanm lè yon atak End te lage sou do Pakistan te touye 19 solda endyen nan rejyon ki nan diskisyon yo.

End te reyaji ak «atak ak presizyon» kont militan sou tè Pakistan.

XS
SM
MD
LG