Accessibility links

Breaking News

Otorite Irakyen yo Gen Konfyan yo Pral Repran Kontwòl Vil Mosoul


Solda irakyen nan vilaj Khalidiya apre liberasyon zòn sa a ki te nan men Gwoup Eta Islamik la nan sid Mosul. 20, Oktòb 2016.
Solda irakyen nan vilaj Khalidiya apre liberasyon zòn sa a ki te nan men Gwoup Eta Islamik la nan sid Mosul. 20, Oktòb 2016.

Premye minis Irak la, Haider al Abadi, fè konnen operasyon pou repran Mosoul nan men gwoup Eta Islamik la ap mache pi vit ke l te prevwa.

Li pale konsa nan Pari an Frans kote minis afè etranjè ki soti nan loksidan e nan Mwayenn Oryan an ap reyini pou pale sou jan yo ka retabli lapè ak stabilite depi gwoup Eta Islamik la deyò nan Mosoul.

Militè ak sivil nan vilaj Khalidiy, Mosoul, Irak, Oktòb 20, 2016.
Militè ak sivil nan vilaj Khalidiy, Mosoul, Irak, Oktòb 20, 2016.

Yè mèkredi 19 oktòb 2016 la, jeneral ameriken kap dirije kanpay atè pou koalisyon an nan Irak ekzòte fòs irakyen kap batay pou Mosoul yo pou yo pa ale twò vit pou yo pa bay lènmi an avantaj sou yo.

XS
SM
MD
LG