Accessibility links

Breaking News

Brezil-Politik: Eks-Prezidan Dilma Rousseff Kite Palè Nasyonal la Pou yon Dènye Fwa


Ansyen Prezidan Brazil la, Dilma Rousseff.
Ansyen Prezidan Brazil la, Dilma Rousseff.

O Brezil, ansyen Prezidan Dilma Rousseff kite palè nasyonal la pou yon dènye fwa nan jounen madi 6 septanm 2016 la, swa 6 jou aprè Sena peyi a te vote pou wete l sou pouvwa a. Anviwon 100 patizan ansyen lidè a te prezan pou di prezidan an disgras la orevwa; yo voye petal flè wouj e jòn atè a lè Madam Rousseff te desann machin li pou l salye yo

Patizan te pote flè bay ansyen Prezidan Rousseff lè li te debake nan vil Porto Alegre aprè li te kite palè a nan Brazilya.
Patizan te pote flè bay ansyen Prezidan Rousseff lè li te debake nan vil Porto Alegre aprè li te kite palè a nan Brazilya.

Apre èks-prezidan an te fin kite rezidans prezidansyèl la, li te monte abò yon avyon militè ki mennen li nan vil Porto Alegre kote yon gwoup patizan te salye l ankò lè aparèy la te ateri. Ansyen Vis Prezidan e aktyèl Prezidan Pwovizwa a, Michel Temer, gen pou al pran plas Madanm Rousseff nan palè a nan jou kap vini yo.

Brezilyen te rasanble tou sou gwo avni Copa Cabana a, ki pase bò lanmè nan Rio de Janeiro, pou yo reklame depa Misye Temer epi mande nouvo eleksyon prezidansyèl nan peyi a.

XS
SM
MD
LG