Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: 27 Kandida Enskri pou yo Patisipe nan Prezidansyèl Oktòb 2016 la


27 sou 54 kandida ki te patisipe nan eleksyon prezidansyèl 2015 la konfime patisipasyon yo nan eleksyon 9 Oktòb 2016 la. Yo fè sa anvan fen delè kalandriye elektoral la te fikse a -swa mèkredi 22 jen 2016 la a minwi. Pami kandida ki konfime patisipasyon yo, nou jwenn Jovenel Moise (PHTK), malgre li te rejte rekòmandasyon komisyon evalyasyon ak verifikasyon elektoral la te fè pou l mande KEP a anile eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la.

Nouvèl Ayiti pou jedii 23 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:26 0:00
Direct link

An plis Jovenel Moise, kandida Platfòm Pitit Desalin nan, Moise Jean Charles; kandida LAPEH a, Jude Celestin; kandida Pati Fanmi Lavalas la, Doktè Maryse Narcisse, konfime patisipasyon yo tou. Lis la genyen sou li kèk lòt lidè politik tankou kandida pati Renmen Ayiti a, Jean Henri Céan, kandida Fusion an e ansyen senatris Edmonde Supplice Beauzile, kandida pati pwotestan an, kandida pati pwotestan an (KANAAN), Pastè Chavannes Jeune, kandida pati UNIR la, Clarens Renois, pou n site sa yo sèlman. Kandida pati politik RESPE, endistriyèl Charles-Henri Baker, ak kandida MOPOD la, Mèt Samuel Madistin, anonse yo pap patisipe nan eleksyon yo.

Yon lòt kote, dezyèm tantativ palman an fè pou l òganize asanble nasyonal la te echwe madi 21 jen an pou rezon sekirite. Aprè echèk sa a, youn nan kesyon kap poze, se -antwòt: Ki altènativ palman an genyen pou l pwononse li sou avni politik prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, apre fen manda 120 jou li a. Senatè Ronald Larèche (Vis Prezidan Gran Kò a) ak Senatè Karl Murat Cantanve te reponn kesyon sa a nan pwogram lib tribin Lavwadlamerik la, Dyaloge ak Etazini, edisyon jounen mèkredi 22 jen 2016 la.

Anfen, Bank Scotia Bank, an kolaborasyon ak Oganizasyon Lit Kont Povrete (ODELPA) ak Depatmamn Sante Piblik la nan peyi d Ay7iti anonse lansman 7èm edisyon Jounen Karayibeyèn Tès Depistaj VIH/ SIDA pou vandredi 24 jen 2016. Objektif evenman sa a se elimine VIH/SIDA disi 2030, daprè reprezantan depatman an, Doktè Kesner Francois. Bò kote pa l, Ficelina Rateau, prezidan ODELPA a, yon òganizasyon kap kowòdone aktivite sa a depi 2 zan deja, di tès depistaj yo ap fèt nan 22 sit ki nan Depatman Nò, Lwès, Latibonit ak Sid peyi a.

XS
SM
MD
LG