Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik:13 Jen se Dat Rantre Palmantè a. Ki Avni Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert?


Lendi 13 jen 2016 la (2èm lendi mwa a), dapre konstitisyon peyi a, se jou depite ak senatè ki te an vakans ap repran wout palman an pou fè deba pou vote pwopozisyon ak lwa epi ratifye trete ak konvansyon. Kisa ki ta dwe sou lòd di jou sesyon jodi a Se kesyon sa a nou poze prezidan komisyon finans Chamn Bas la, Depute A. Rodon Bien-Aimé.

Nouvèl Ayiti pou lendi 13 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:34 0:00
Direct link

Yon lòt kote, PHTK, nan tèt kole ak KID, mete kanpe yon nouvo mouvman politik ki pote non Entente Democratique, (ED). Objektif mouvman sa a se fòse prezidan pwovizwa Jocelerme Privert renmèt pouvwa a madi 14 jen 2016 la jan Akò 5 fevriye 2016 la prevwa l. Ansyen Premye Minis Evans Paul, ki se sekretè egzekitif ED, anonse yon manifestasyon pou madi 14 jen 2016 la pou mande chèf deta kite pouvwa a.

Anfen, delegasyon peyi manm Oganizasyon Eta Ameriken yo ( OEA) twouve yo nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, kote y ap patisipe nan 46èm Asanble Jeneral odinè oganizasyon rejyonal la. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jacquelin Belizaire, di nou evenman sa a genyen yon karaktè politik pou rejyon an e touristik pou peyi òganizatè a.

XS
SM
MD
LG