Accessibility links

Breaking News

Ayiti-ELeksyon: Komisyon Verifikasyon Elektoral la ap Soumèt Rapò li Lendi 30 Me 2016 la


Ann Ayiti, Komisyon Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la ap pare pou l renmèt otorite konsène yo rapò li sou eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la. Jounalis Gregory Jean Philippe, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di pou kounye a sispens ap domine atmosfè a nan mitan klas politik la an patikilye ak popilasyon an an jeneral.

Nouvèl Ayiti pou lendi 30 me 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:25 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon òganizasyon fanm nan Plato Santral la ap mennen yon kanpay pou li sansibilize popilasyon an sou nesesite pou li adopte règ dijyèn pandan fèt patwonal yo.

Majistra Kap Ayisyen an, Yvon Altéon ki tap vizite vil Boston pandan weekend nan, di vil lap dirije a pa menm gen mwayen pou l ranmase fatra. Daprè Misye Altéon, responsabite a tonbe sou do otorite yo nan gouvènman santral la ki koupe anpil nan bidjè Leta te gen pou l bay administrasyon kominal Okap la pou l asire pwòpte ak antretyen vil la.

Anfen, plis pase 120 ekriven ayisyen te patisipe nan "Foire du Livre" Miami an, nan Eta Florid, ki dewoule dimanch 29 me 2016 la. Evennman kiltirèl sa a se rezilta yon kolaborasyon ant Sosyete Koukouy ak Miami Book Fair.

Anfen, nan kad preparasyon pou Copa Centanario a, Ayiti pèdi devan Kolonbi 3-1 nan yon match ki dewoule nan sware dimanch 29 me 2016 la nan Marlins Stadium, Miami. Bi pou Kolonbi: Moreno, Juan Cordado ak Roger Martinez;- Bi pou Ayiti: Donald Placide.

XS
SM
MD
LG