Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Nan Okazyon Fèt Drapo a, Prezidan Privert Ensiste Pou Pwosesis Elektoral la Kontinye


Drapo nasyonal peyi d Ayiti a. Nan mitan li: "L'Union Fait La Force" = "Tèt Ansanm Chay pa Lou."
Drapo nasyonal peyi d Ayiti a. Nan mitan li: "L'Union Fait La Force" = "Tèt Ansanm Chay pa Lou."

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, premye minis Ennex Jean Charles, palmantè, ofisyèl gouvènman an ak anbasadè ki akredite nan Pòtoprens yo te ale nan vil Akayè, kote drapo nasyonal ayisyen an te kreye a, mèkredi 18 me 2016 la, pou make 213èm anivèsè kreyasyon drapo a. Nan diskou chèf deta a fè nan sikonstans la, li fè konpliman pou sakrifis zansèt yo te fè pou yo fonde nasyon an ke drapo ble e wouj la senbolize. Misye Privert te pwofite okazyon an pou l mande popilasyon an rete pasyan pandan otorite yo ap chache yon solusyon pou kriz politik la.

Nouvèl Ayiti pou jedii 19 me 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:38 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè obsèvatè kap swiv ajisman jenès ayisyèn nan depi plizyè dizèn dane deja, di se avèk yon veritab nostalji yo sonje yon epòk kote edikasyon familyal, melanje ak fòmasyon eskolè, te prepare jèn yo yon jan, yon mannyè ki te pèmèt yo wè patri a, la nasyon an ak drapo a kòm kèk senbòl sakre ki merite respè, admirasyon ak sakrifis. Ki verite ki genyen nan opinyon obsèvatè ki panse konsa yo?

Misye Rosny Desroches, pwofesè de karyè e dirijan Inisyativ Sosyete Sivil la nan peyi d Ayiti; Monfort Alexis, yon espesyalis nan administrasyon piblik ak politik devlopman, ak edikatris Odette Roy Fombrun te eseye reponn kesyon sa a sou Lavwalamerik pandan yo pale de enpòtans edikasyon sivik nan devlopman yon peyi.

Ansyen prezidan ayisyen Michel Martelly te nan Miami Dade College, yon inivèsite piblik nan Miami, Eta Florid, madi 17 me 2016 la, pou vant siyati liv li ki rele "Otobiyografi Michel Martelly". Se yonliv 83 paj kote ansyen lidè a prezante vi li depi li te piti rive jous nan monte li sou pouvwa a. Misye Martelly twouve li Ozetazini pou li relanse karyè mizisyen li kòm Sweet Mickey ak kèk show kap mennen li ak gwoup mizikal li a nan Las Vegas ak lòt vil amerikèn lè li va kite Miami.

Anfen, nan okazyon 213èm anivèsè kreyasyon drapo nasyonal Ayiti a, yon selebrasyon te dewoule nan zòn metropolitèn Washington nan, pi presizeman nan l'Eglise Baptiste du Calvaire, ki gen nan tèt li Pastè Jean Saintulmé. Nan tèt pwogram sa a te genyen Madam Toniane Vernet ki te jwenn kolaborasyon ak patisipasyon divès atis (chantè, mizisyen, komedyen, divès oratè, lidè kominotè, pwofesè, teknisyen, elatriye). Pèsonalite ki te pran lapawòl an dènye a sete reprezantan pèmanan Ayiti nan l'OEA a, Anbasadè Edmond Bocchi, ki te pale de nesesite yon revèy nasyonal, yon revèy patriyotik ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG