Accessibility links

Breaking News

Barack Obama ap Prezide 4èm e Denyè Somè sou Sekirite Nikleyè Li

Prezidan peyi Tiki a, Tayyip Erdogan, avèk madanm li, Emine, pandan yo tap debake nan baz militèAndrews la tou prè Washington nan dat 29 m as 2016 la, pou li patisipe nan Somè sou Sekirite Nikleyè a. (Foto REUTERS/Yuri Gripas - RTSCR2H).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap resevwa pou la 4èm e dènye fwa delege mondyal kap patisipe nan yon somè sou sekirite nikleyè. Somè sa a kòmanse jedi 31 mas 2016 la nan Washington e lap dire 2 jou.

Delegasyon ki sòti nan 50 peyi deja rive oubyen kontinye debake nan kapital federal Etazini an pou yo asiste konferans sa a kote yo pral santre atansyon yo, antwòt, sou efò ki dwe fèt pou anpeche materyèl nikleyè tonbe anba men teworis ak lòt moun ki gen move entansyon nan tèt yo. Otorite yo nan Washington fè konnen yo regrèt Larisi pran desizyon pou l pa patisipe nan somè a.

Rankont mondyal sa a se yon okazyon pou Prezidan Obama fè chita-tande avèk ofisyèl ajans Nasyon Zini ki la pou jere pwoblèm nikleyè yo --an palan de Ajans Entènasyonal pou Enèji Atomik la –AEEA--, otorite yo nan INTERPOL (swa polis entènasyonal la) avèk reprezantan kèk lòt gwoup, pou li abòde avèk yo mwayen pou yo pouse pou pi devan avèk kowoperasyon nan domèn sekirite nikleyè a.

XS
SM
MD
LG