Accessibility links

Breaking News

Lame Siri a Repran Vil Palmire nan Men Gwoup Eta Islamik la


Sou foto sa a, yon gwoup sòlda siryen rasanble alantou yon drapo siryen nan vil Palmire, Siri, nan jounen dimanch 27 mas 2016 la. Se ajans ofisyèl ofisyèl Siri a, SANA, ki pibliye foto sa a.
Sou foto sa a, yon gwoup sòlda siryen rasanble alantou yon drapo siryen nan vil Palmire, Siri, nan jounen dimanch 27 mas 2016 la. Se ajans ofisyèl ofisyèl Siri a, SANA, ki pibliye foto sa a.

Nan Siri, lame fè konnen li rive mete men sou vil Palmire ki pral sèvi kounyeya kom yon pwen kote yo pral lanse plis operasyon kont gwoup Eta Islamik la.

Minis ki responsab Istwa Ansyèn peyi a, Maamoun Abdoulkarim, fè konnen Palmire, ki te deja yon vil istorik, pral gen plis enpòtans toujou akoz li rive sove anba atak militan islamik yo. Minis Abdoulkarim pran angajman pou l rebati tout sa gwoup Eta Islamik la detwi, san bliye Ak de Triyonf la ak Tanp Baalshamin nan. Minis la deklare:

“Travay la kapab pran fen nan ane 2016 la. Nou gen moun ki gen gwo kapasite, ekspètis ak konesans nan direksyon jeneral Ministè Antikite ak Mize nou an. Nou deja reyalize plizyè dizèn travay renovasyon nan Palmire. Nou gen eksperyans ki nesesè pou n fè travay sa a.”

Sekretè jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, bò kote pa li, fè konnen li byen kontan deske otorite yo nan Siri gen plan pou yo pwoteje epi restore vil la. Misye Ban di:

“Nou jwenn ankourajman e nou byen kontan tou deske fòs gouvènmantal siryen yo rive kale Gwoup Eta Islamik la nan Palmire epi yo repann vil la. Nou kontan deske yo kapab pwoteje e prezève sit istorik ak kiltirèl yo ki se byen komen limanite.”

Pandan 2 zan ki pase yo, militan Gwoup Eta Islamik la te detwi nan Siri ak Irak anpil sit istorik ak sant kiltirèl ki, daprè yo, se kote moun tap sèvi zidòl.

XS
SM
MD
LG