Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Donald Trump Ranpòte Wo Lamen “Caucus” Eta Nevada a.

Kandida repibliken Donald Trump avèk 2 pitit gason li (Donald Trump Jr., agoch, ak Eric) pandan li tap pale ak patizan l yo nan yon meeting nannuit jounen madi 23 fevriye 2016 la, nan Las Vegas, aprè vòt ki dewoule nan Eta Nevada. (Foto: AP/Jae C. Hong).

Ozetazini milyadè Donald Trump ranpòte yon lòt Eta ankò nan efò lap fè pou l ranpòte nominasyon Pati Repibliken an kòm kandida pou pòs prezidan an. Nan eleksyon ki dewoule madi 23 fevriye a nan Eta Nevada, nan lwès peyi a, li bat advèsè l yo ak yon gwo maj diferans.

Rezilta final yo montre Misye Trump ranpòte 46% vwa yo, byen lwen devan kandida ki vini an 2èm pozisyon an, Senatè Eta Florid la, Marco Rubio, ki jwenn 24%. Senatè Eta Tegzas la, Ted Cruz, vini dèyè Rubio ak 21% vòt yo.

Yon foul patizan Donald Trump ki tap selebre laviktwa nan sware madi 23 fevriye a aprè vòt Eta Nevada a
Yon foul patizan Donald Trump ki tap selebre laviktwa nan sware madi 23 fevriye a aprè vòt Eta Nevada a

Byen ta nannuit la, Donald Trump te pran lapawòl devan yon gwoup patizan. Misye Trump deklare :

“ Nou ranpòte laviktwa pami kretyen pwotestan yo, pami jèn yo, pami moun aje yo; nou ranpòte laviktwa pami sitwayen ki genyen gwo nivo edikasyon yo, menm jan ak sila yo ki pat rive lwen lekòl yo. Mwen renmen yo. Moun ki vote pou nou yo, se moun ki pi entèlijan, ki pi fidèl nan peyi a. E mwen renmen sa anpil --se yon bagay map di depi lontan deja. Nou ranpòte 46 pou san pami ispanofòn yo; sa vle di nou okipe premye plas la pami moun ki pale panyòl yo.”

Viktwa Donald Trump nan Nevada a fè li 3 viktwa youn apre lòt apre li te ranpòte 2 eleksyon primè nan Eta New Hampshire ak Kawolin di Sid nan kòmansman mwa fevriye a. Sa ba li yon gwo bourad nan kous la, pandan lap pare pou sa yo rele “Super Tuesday” oubyen “Sipè Madi a”, swa madi premye mas pwochen an kote yon douzèn Eta pral òganize eleksyon primè yo.

XS
SM
MD
LG