Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Obama a Gen Plan pou l Fèmen Prizon ki sou Baz Guantanamo a.


Manifestan ki te kanpe devan La Mezon Blanch, nan Washington, pou yo mande fèmen prizon Guantanamo. (Foto: 11 janvye 2016).
Manifestan ki te kanpe devan La Mezon Blanch, nan Washington, pou yo mande fèmen prizon Guantanamo. (Foto: 11 janvye 2016).

Pentagòn nan (swa Depatman Defans Lèzetazini an) ap soumèt devan Kongrè a yon plan pou l fèmen prizon ki sou baz naval Guantanamo a, nan Kiba, kote otorite ameriken yo fèmen plizyè santèn konbatan militan yo te arete aprè atak teworis 11 septanm 2001 yo. Prezidan Barack Obama te pran angajman pou l fèmen prizon an yon ti tan aprè li te monte sou pouvwa a an 2009.

Pòtpawol Mezon Blanch la, Josh Earnest -ki tap abòde dosye a ak laprès nan jounen lendi 22 fevriye 2016 la- fè konnen eksplikasyon majorite a nan Kongrè a bay pou l jistifye opozisyon li kont plan administrasyon Obama a, diferan nèt ak konsèy Prezidan an resevwa sou kesyon an nan men ni espesyalis militè yo, ni ekspè nan domèn sekirite nasyonal la. Misye Earnest deklare:

"Lè plan administrasyon an soumèt la va pase anba revizyon, moun ap wè se yon plan ki byen solid. Yo pral wè tou se yon plan ki nan entèrè sekirite nasyonal nou. Yon lòt kote, sa pral montre gouvènman an ap byen jere lajan peyi a, paske jesyon baz la koute twòp kòb.”

Pòtpawòl Mezon Blanch la kontinye pou l di Prezidan Obama prefere travay ak Kongrè a pou l rezoud mezantant ki egziste sou dosye a olye li sèvi ak yon dekrè egzekitif pou l fèmen prizon Guantanamo a.

XS
SM
MD
LG