Accessibility links

Breaking News

Bolivi-Politik: Pèp Souvren Sanble ap Anpeche Prezidan Evo Morales Ale Dèyè yon 4èm Manda.


Prezidan peyi Bolivi a, President Evo Morales, ki tap asiste inogirasyon kay gouvènman an bati pou fanmi pòv yo nan katye El Alto, tou pre kapital la, La Paz. Atis-pent ki te fè dekorasyon sa a se Roberto Mamani nan dat 15 fevriye 2016 la.
Prezidan peyi Bolivi a, President Evo Morales, ki tap asiste inogirasyon kay gouvènman an bati pou fanmi pòv yo nan katye El Alto, tou pre kapital la, La Paz. Atis-pent ki te fè dekorasyon sa a se Roberto Mamani nan dat 15 fevriye 2016 la.

Nan peyi Bolivi, tantativ Prezidan Evo Morales t ap fè pou l fè amande konstitisyon an yon fason pou l te ka al dèyè yon 4e manda youn dèyè lòt, sanble sou wout pou l echwe dapre premye rezilta yon referendum ki dewoule dimanch 21 fevriye 2016 la .

Samuel Doria Medina, lidè pati politik Fwon Inite Nasyonal la (Frente de la Unidad Nacional –FUN), lanse apèl bay Misye Morales pou mande l aksepte volonte pèp la. Lidè FUN nan deklare:

“Mesye le Prezidan ,

Pèp la deside. Rekonèt rezilta yo e konsakre tèt ou pou w travay pandan 4 an kap vini la yo. Pa mennen okenn lòt kanpay elektoral. Rezoud pwoblèm ekonomik, jidisyè, pwoblèm sante ak sekirite gason ak fanm ap konfwonte nan Bolivi…”

Analis yo di se ak yon ti maj tou zwit elektè yo rejte referendum-nan; men Vis Prezidan an Alvaro Garcia –ki tap pale byen ta nan sware dimanch la-- fè konnen vòt-la twò sere pou konnen rezilta final la. Kontaj yo poko fini.

Espesyalis nan kesyon latino-ameriken, John Crabtree, fè ajans nouvèl Reuters konnen referendum dimanch la se kous elektoral ki pi difisil Evo Morales te genyen pou l konfwonte depi li te monte sou pouvwa a an 2006.

XS
SM
MD
LG