Accessibility links

Breaking News

22 Mas 2016 - Prezidan Barack Obama Pral fè yon Vizit Istorik nan Kiba.


Prezidan Barack Obama (agoch) -- epi Prezidan Raul Castro.
Prezidan Barack Obama (agoch) -- epi Prezidan Raul Castro.

Prezidan Etazini an, Barack Obama, pral fè yon vizit ofisyèl nan Kiba mwa pwochen an. Se yon gwo kokenn pa senbolik an avan nan kad efò 2 peyi yo ap fè pou yo ranfòse relasyon yo aprè yo te pase anpil ane nan rivalite pandan Lagè Frèt la.

Daprè yon ofisyèl wo-plase nan La Mezon Blanch, pi ta nan jounen jedi 18 fevriye a, administrasyon Obama a pral anonse vwayaj la yon fason fòmèl e li va presize vizit Kiba antre nan kad yon toune Misye Obama gen pou l fè nan Amerik Latin nan. Chèn televizyon CNN di vwayaj la fikse pou le 22 mas anvan lidè ameriken an ale nan peyi Ajantinn.

Vizit Obama a pral dewoule apre Lèzetazini te relouvri anbasad li nan La Avàn ane pase a. Epi, pa pi ta ke semèn pase a, otorite ameriken yo te anonse anvan lontan sitwayen Lèzetazini ak Kiba pral kapab pran avyon komèsyal ki pral fè vòl regilye ant 2 peyi yo.

Akò sou vòl ayeryen yo fè pati politik ouvèti sou Kiba Prezidan Obama te lanse nan lane 2014 la pou l te rétabli relasyon diplomatik ak Kiba. Misye Obama ap tounen premye lidè ameriken ki vizite Kiba nan plis pase 80 zan -swa depi Prezidan ameriken Calvin Coolidge te vizite La Avàn an 1928.

XS
SM
MD
LG