Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Akò ant Etazini ak Kiba Retabli Vòl Ayeryen ant 2 Peyi yo pou La Premyè Fwa nan 50 An.


Nan jounen Madi 16 fevriye 2016 la, Lèzetazini ak Kiba anonse yo jwenn yon akò kap pèmèt konpayi avyon ameriken fè jiska 110 vòl komèsyal pa jou nan direksyon Kiba. Se dènye siyn an dat ki montre relasyon 2 peyi yo ap amelyore apre yo te retabli rapò diplomatik yo nan mwa jiyè 2015 la. Akò sa a ouvè chemen an pou vòl komèsyal ameriken ale Kiba -- yon peyi kominis-- pou la premye fwa nan 50 tan.

Anthony Foxx, Minis Transpò Lèzetazini.
Anthony Foxx, Minis Transpò Lèzetazini.

Minis transpò ameriken an, Anthony Foxx, di li konsidere akò sa a kòm yon gwo pa an avan nan efò pou tabli pi gwo kontak dirèk ant 2 peyi yo, menmsi aktivite touristik yo pral rete limite ak koz enfrastrikti Kiba ki demode mete sou anbago komèsyal la kap rete an plas.

Bò kote pa l, minis komès eksteryè kiben an, Rodrigo Malmierca Diaz, deklare li espere anbago a pap pran tan pou l leve e li pwomèt konpayi amerikèn yo pap sibi diskriminasyon nan Kiba.

Pwofesè Mark Jones --kap anseye Politik Amerik Latin nan Inivèsite Rice-- di Lavwadlamerik toutotan Kongrè Lèzetazini an pa leve anbago a, vwayaj touris ameriken nan Kiba pral rete limite. Li kontinye pou l di:

"Mwen pa prevwa Kongrè a pral prese leve demen ou aprè-demen anbago a ke Washington te enpoze an 1960 pou l te vin ranfòse l an 1962. Menmsi li ta leve l, mwen pa kwè sa pral pote demokratizasyon sou il la. Olye de sa, sanble La Avàn ta pito adopte modèl chinwa a ki makònen yon liberalizasyon ekonomik ak yon kontwòl politik sere, mete sou yon egzèsis limite libète sivil yo anba direksyon Pati Kominis la."

XS
SM
MD
LG