Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Gwo Viktwa Bernie Sanders (D) ak Donald Trump (R) nan Eleksyon Primè New Hampshire la.


Kandida demokrat Bernie Sanders ak kandida repibliken Donald Trump. Yo leve bra yo anlè pandan yap fè diskou pou yo kriye viktwa aprè piblikasyon rezilta eleksyon primè New Hampshire la
Kandida demokrat Bernie Sanders ak kandida repibliken Donald Trump. Yo leve bra yo anlè pandan yap fè diskou pou yo kriye viktwa aprè piblikasyon rezilta eleksyon primè New Hampshire la

Kandida Bernie Sanders --ki prezante tèt li kòm yon demokrat sosyalis-- ak milyadè repibliken granpanpan Donald Trump, ranpòte eleksyon primè ki dewoule madi 9 fevriye 2016 la nan Eta New Hampshire nan pati nòdès Lèzetazini. Se premye eleksyon primè nan kanpay prezidansyèl la.

Kandida Sanders ranpòte 60 pou san vwa yo tandiske rival demokrat li a, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, resevwa 40 pou san vòt yo. Nan kan repibliken an, Donald Trump ranpòte 35 pou san vwa yo nan yon kous kote li genyen plizyè advèsè. Kandida ki vini 2èm dèyè li a se Gouvènè Eta Ohio a, John Kasich.

Patizan Donald Trump yo kenbe pankat yo nan men pou yo selebre viktwa kandida yo a nan eleksyon primè Eta New Hampshire a (Foto: Vil Manchester, nan sware madi 9 fevriye 2016 la).
Patizan Donald Trump yo kenbe pankat yo nan men pou yo selebre viktwa kandida yo a nan eleksyon primè Eta New Hampshire a (Foto: Vil Manchester, nan sware madi 9 fevriye 2016 la).

Analis yo panse si milyadè Donald Trump --ki pat tèlman fè bèl figi nan “caucus” Eta Iowa a sa genyen 9 jou-- jwenn bèl rezilta sa a nan New Hampshire, youn nan prensipal faktè ki jwe an favè misye se yon stil ki montre li pran distans li ak òm politik tradisyonèl yo ak yon diskou kote li di bagay yo kareman jan l panse yo. Apre piblikasyon rezilta yo, li te rezime plan li genyen pou Lèzetazini si li ranpòte prezidans la.

“Nou pral kòmanse ranpòte laviktwa ankò; nou pral ranpòte laviktwa tèlman, sa pral ban nou gwo kè-kontan. Nou pral fè Lèzetazini vin tèlman gran, petèt pi gran ke jamè oparavan. Mwen renmen nou tout...”

Bò kote pa li, venkè demokrat la, Bernie Sanders, pale ak patizan li yo nan fen jounen madi a nan yon diskou kote li repete tèm kanpay li a ki repoze sou ranfòsman pouvwa pèp la kont puisans minorite rich la. Misye Sanders deklare:

“Gouvènman gran nou an se pwopriyete pèp la e non pa pwopriyete yon ti ponyen rich kap finanse kanpay elektoral ak òganizasyon politik yo.”

2 kandida demokrat yo ak kandida ki fè bèl nòt nan New Hampshire yo fikse atansyon yo kounye la a sou 2 Eta, Kowolin di Sid ak Nevada, kote pwochen eleksyon primè yo pral dewoule. Kandida repibliken ki pa byen fini kous la nan New Hampshire ap reflechi pou konnen kisa yo pral fè. Nouvèl deja fè konnen Gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, ki fini an dènye nan primè New Hampshire la, byen kapab deside kraze yon kite sa.

XS
SM
MD
LG