Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Premye Eleksyon Primè Kanpay 2016 la ap Dewoule nan New Hampshire.


Elektris Nancy Holmes (yon Repiblikèn ki gen 77 an) ap remèt bilten li pou l vote nan premye eleksyon primè kanpay 2016 la, nan Eta New Hampshire. (Foto sa a fèt nan bouk Hart kote moun yo lage premye bilten yo vè minui, nan jounen 9 fevriye 2016 la).
Elektris Nancy Holmes (yon Repiblikèn ki gen 77 an) ap remèt bilten li pou l vote nan premye eleksyon primè kanpay 2016 la, nan Eta New Hampshire. (Foto sa a fèt nan bouk Hart kote moun yo lage premye bilten yo vè minui, nan jounen 9 fevriye 2016 la).

Nan Eta New Hampshire, nan pati nòdès Lèzetazini, elektè nan 3 ti bouk vote depi vè minui nan premye eleksyon primè kanpay 2016 la. Nan bouk Dixville Notch -premye kote moun yo vote e ki genyen 9 abitan sèlman-- gouvènè repibliken Eta Ohio a, John Kasich, ranpòte 3 vòt, sa ki ba li laviktwa sou kandida milyadè Donald Trump ki ranpòte 2 vwa. Nan kan demokrat la, Bernie Sanders, yon Senatè Eta Vermont (yon eta ki tou prè New Hampshire) ranpòte vwa tou lè 4 elektè ki vote yo.

Gouvènè Kasich ak Senatè Sanders ranpòte laviktwa tou nan yon lòt ti bouk ki rele Hart. Ansyen Sekretè Deta HiIlary Clinton fè yon pi bèl figi nan bouk Millsfield kote li bat Senatè Sanders 2 a 1; tandiske nan kad repibliken an Senatè Eta Tegzas la, Ted Cruz, ranpòte yon viktwa 9 a 3 sou Donald Trump.

Nan moman jou eleksyon primè a rive nan New Hampshire, sondaj dopinyon ki fèt atravè tout Eta a montre Senatè Sanders genyen yon avans 2 chif sou Madam Clinton. Bò kote repibliken yo, Donald Trump genyen yon bon jan avans tou, tandiske Gouvènè Kasich, Senatè Cruz, Senatè Eta Florid la Marco Rubio, ak ansyen gouvènè menm Eta a, Jeb Bush, twouve yo egal-ego pou 2èm plas la.

Dapre previzyon analis yo, alòske 2 kandida demokrat yo gen lontan ankò pou yo rete nan kous la pandan kanpay la ap rapouswiv, li posib pou kèk nan kandida repibliken yo deside kraze yon kite sa aprè kèk eleksyon primè sèlman, sitou sa ki gen pwoblèm pou yo monte wo nan sondaj yo.

XS
SM
MD
LG