Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kriz Politik / 7 Fevriye Pa Lwen - Yon Solisyon Pa Pre.


Aktè politik yo poko rive jwenn yon solisyon pou kriz elektoral la ki lakoz dout ap plane sou leadership ayisyen an nan moman pa rete anpil tan pou 7 fevriye rive e pou yon lòt Prezidan ranplase Michel Martelly nan tèt peyi a.

An fèt, konstitisyon 1987 amande a ak lwa elektoral la prevwa pasasyon pouvwa nan dat sa a ant prezidan an plas la ak yon nouvo prezidan. Puiske eleksyon pa dewoule pou pèp la chwazi yon nouvo lidè, nan fen semèn pase a Prezidan Martelly deklare li pa pare pou l kite pouvwa a si peyi a pa gen yon lòt pezidan eli, sa ki pwovoke gwo kòlè nan mitan opozisyon an.

NOUVEL AYITI POU LENDI PREMYE FEVRIYE 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:19 0:00

Ann atandan, Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) voye nan Pòtoprens yon misyon pou ede aktè ayisyen yo jwenn yon solisyon pou kriz kap devlope nan peyi a. Analis e lidè politik Sauveur Pierre-Etienne, ki pa gen pwoblèm ak prezans misyon sa a ann Ayiti, di se yon solisyon Ayisyen jwenn nan tèt ansanm ki pral ede peyi a sòti nan dilèm kote li twouve l jounen jodi a.

Anfen, pou nou genyen yon ide de jan Kanaval Jakmèl 2016 la dewoule nan jounen dimanch la, nou pwopoze w yon brèf repòtaj avèk jounalis Grégory Jean-Philippe, repotè estasyon afilye nou ann Ayiti, Radyo Karayib FM.

XS
SM
MD
LG