Accessibility links

Breaking News

Lafrans ak Siri se 2 Peyi kote Plis Jounalis Mouri nan Ane 2015 la.


Tablo sa a montre peyi ki te pi danjre pou jounalis pandan ane 2015 la.
Tablo sa a montre peyi ki te pi danjre pou jounalis pandan ane 2015 la.

Komite pou Pwoteksyon Jounalis (KPJ) fè konnen ane 2015 la se youn nan ane ki pi move pou jounalis kap travay atravè lemond, paske pandan 12 mwa ki pase yo, 69 jounalis pèdi lavi yo pandan yo tap fè travay yo.

Daprè KPJ, 2015 se 6èm ane nan dekad ki pase a, kote omwen 60 jounalis mouri paske tou senpleman yo se jounalis –chif sa a gen ladan n jounalis yo touye poutèt pwofesyon yo, ak sila yo ki te pèdi lavi yo swa nan konba, swa paske yo te nan mitan 2 gwoup ki tap goumen, swa ankò paske yo tap ranpli yon misyon danjere.

Peyi ki Te Pi Danje Pou Jounalis Pandan Ane 2015 la

Pou yon 4èm ane youn apre lòt, kantite manm laprès ki mouri nan peyi Siri pandan ane 2015 la depase chif KPJ te prevwa pou ane a: Pou le moman chif la se 13, swa yon gwo bès pa rapò ak ane anvan yo: an 2012, 31 jounalis te mouri nan Siri; 29 ak 17 an 2013 ak 2014 respektivman.

Sepandan, chif sèlman pa pèmèt yon moun konnen egzatteman jan tout sitiyasyon an prezante. Daprè KPJ, yon moun ta ka makònen bès nan kantite travayè laprès ki mouri nan Siri yo avèk, antwòt, bès nan kantite jounalis kap travay nan peyi a jounen jodi a; e gen 2 rezon pou sa: 1.- òganizasyon nouvèl entènasyonal yo pran desizyon pou yo pa voye repòtè nan Siri; epi 2èm: jounalis siryen yo pran desizyon pou yo ki te peyi a epi al viv ann egzil. An plis de sa, atravè tout rejyon an genyen ka kote jounalis disparèt oubyen nouvèl rapò lanmò yo, men pèsonn pa ka konfime si se vre, si se pa vre.

Direktris enfòmasyon Komisyon pou Pwoteksyon Jounalis la, Courtney Radsch, bay yon entèvyou pa Skype kote li deklare: “Responsab yo genyen devan yo yon veritab defi pou yo mennen ankèt sou asasina jounalis nan peyi tankou Irak ak Siri, kote kote nivo vyolans la tèlman elve alòske pa tèlman gen nouvèl kap sòti nan peyi sa yo.

Sou 69 jounalis ki pèdi lavi yo pandan ane 2015 la, 28 nan yo (swa globalman 40 %) tonbe anba men militan islamik tankou militan Gwoup Eta Islamik la ak Al-kaida. 9 mouri an Frans : 8 nan biwo magazin satirik Charlie Hebdo nan dat 7 janvye 2015 la; epi yon lòt, ki te rele Guillaume B. Decherf, tonbe a 43 zan anba bal militan yo nan Teyat Bataclan an, a Pari, kote li tap prepare yon repòtaj nan sware vandredi 13 novanm 2015 la.

XS
SM
MD
LG