Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Komisyon Verikasyon Elektoral la ap Analize 15% Pwosè Vèbal yo pou Li Prepare Rapò li


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Yon vwa otorize nan komisyon verifikasyon elektoral prezidansyèl la di komisyon an pral travay sou yon echantiyon 15 pou 100 pwosè vèbal yo nan kad efò lap fè pou l konnen egzatteman sa k te pase nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la. Pòtpawòl komisyon an, Pwofesè Rhosny Desroches, di misyon gwoup la pa gen ladan n okenn analiz ou revizyon rezilta eleksyon lejislatif ki te dewoule nan 9 out 2015 la.

Nouvèl Ayiti pou madi 29 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:28 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken an pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, repete pozisyon gouvènman Lèzetazini an vizavi pwosesis elektoral la: Se eleksyon ki bay dirijan epi li kwè nan posibilite komisyon evalyasyon elektoral la pou l fè yon bon travay. Misye Merten, ki reponn kesyon Jacquelin Belizaire, di li regrèt ke kandida ki di te denonse sa yo konsidere kòm fwod nan eleksyon an pat pote prèv yo bay Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou apiye akizasyon sa yo. Daprè diplomat amerike an, <<si se 2 kandida sèlman ki te kontakte "bureau contentieux électoral la", mwen pa kwè moun ka konsidere sa kòm fwod masif.>>

Anfen, enjenyè Rosemond Pradel, yon dirijan Pati Fizyon Sosyo Demokrat yo, di li konsidere kòm "yon enjerans" deklarasyon anbasadè ameriken ann Ayiti Peter F Mulrean fè lè l deklare pat gen fwod nan eleksyon yo. Misye Pradel, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di li konsidere deklarasyon sa a kòm "yon fot grav"; daprè li, se yon deklarasyon "diskriminatwa".

XS
SM
MD
LG