Accessibility links

Breaking News

Kretyen Atravè Lemond ap Selebre Fèt Nwèl la


Pap Franswa ki te mete ajenou anvan li t al chante Mès Minui nan Bazilik Sen Pyè a nan Vatikan an, jedi 24 desanm 2015 la. (Foto: REUTERS/Tony Gentile).
Pap Franswa ki te mete ajenou anvan li t al chante Mès Minui nan Bazilik Sen Pyè a nan Vatikan an, jedi 24 desanm 2015 la. (Foto: REUTERS/Tony Gentile).

Vandredi 25 desanm nan, kretyen tou patou atravè lemond ap selebre Fèt Nwèl la swa lakay yo, swa nan legliz, oubyen nan lòt lye sen, espesyalman nan vil Betleyèm, nan Si-Jòdani, kote Labib di Jezi Kri, pitit Bondye a, te pran nesans.

Nan vil Wòm, ann Itali, Pap Franswa selebre Mès Minui nan Bazilik Sen Pyè a. Souvren Pontif la, ki genyen 79 van e ki te pran nesans nan peyi Ajantin, kondane ak tout fòs sa li rele “entoksikasyon lasosyete” anba sistèm konsomasyon an, plezi, abondans ak richès. Pap la di:

“ Jezi mande pou nou aji an tout imilite, sa vle di yon fason senp, ekilibre, konstan, kote nou kapab wè epi fè senpleman sa ki esansyèl la.”

Nen fen mès la, Pap la te leve vwal ki te sou figi yon estati Jezi sou lotèl la epi byen dousman li bo estati a. Apre sa, ti moun ki sòti nan divès peyi Souvren Pontif la te vizite --pami yo genyen Filipin, Lèzetazini, Srilanka plis 3 peyi afriken kote li t ale nan mwa novanm nan), timoun sa yo te depose kèk jèb flè alantou estati a.

Nan jounen vandredi 25 desanm nan, plizyè dizèn milye moun pral reyini sou Plas Sen Pyè a pou yo tande Pap la prezante mesaj tradisyonèl li ki rele “urbi et orbi”, sa vle di “yon mesaj pou vil la e pou lemond.”

Selebrasyon ki dewoule sou Plas Krèch la, nan Betleyèm, yon ti jan pèdi sou ekla ak briyo li ane sa a, akoz konfwontasyon vyolan kap dewoule ant Izrayleyen ak Palestinyen depi 3 mwa deja. Sepandan, nan jounen jedi a Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, ak Premye minis li a, Rami Hamdallah, te respekte la tradisyon e yo vizite Legliz La Nativite ki bati nan anplasman kote istoryen kretyen yo di Jezi te pran nesans. Bò kote pa yo, pèlren, fidèl divès legliz kretyèn ak vizitè etranje --ki an kantite pi piti pase nan ane ki pase yo-- te reyini pou yo selebre Mès Minui an.

Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas (agoch) ki tap rankontre ak Patriyach Laten vil Jerizalèm nan, Fouad Twal, anvan yo te asiste Mès Minui nan Legliz La Nativite nan Betleyèm, nan nuit 24-25 desanm 2015 la.
Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas (agoch) ki tap rankontre ak Patriyach Laten vil Jerizalèm nan, Fouad Twal, anvan yo te asiste Mès Minui nan Legliz La Nativite nan Betleyèm, nan nuit 24-25 desanm 2015 la.

Pi gwo lidè Legliz katolik nan rejyon an, Patriyach Laten vil Jerizalèm nan, Fouad Twal, te pran tèt yon pwosesyon ki te sòti nan katye jeneral li genyen sou Plas Krèch la nan Jerizalèm, pou travèse divès pòs enspeksyon sekirite lapolis, epi rive nan Legliz La Nativite a kote li te rankontre ak Prezidan Abbas. Nan omeli Patriyach Twal prezante a, li di li gen konpasyon pou moun ki viktim zak teworis tou patou nan lemond (san bliye palestinyen ak izrayelyen) epi li priye pou sitwayen siryen kap kite peyi yo pou y al viv kòm refijye nan peyi etranje.

Selebrasyon Fèt Nwèl la te kòmanse sou kontinan azyatik la ak rejyon Pasifik la anvan tout lòt kote sou late. Men kèlkeswa kote a, jan moun yo obsève fèt la se ale legliz, rete relaks lakay oubyen vwayaje pou selebre Nwèl la avèk manm fanmi yo ak zanmi yo.

XS
SM
MD
LG