Prezidan Barack Obama deklare atak ki pran lavi 14 sitwayen ameriken e blese 21 lòt 2 desanm pase a nan San Bernardino, Eta Kalifòni an, se yon zak teworis. Nan youn nan ra entèvansyon "Prime Time" li delivre depi li rive nan Mezon Blanch lan, misye Obama di Ajans Sureté Federal la (FBI) kontinye ap rasanble evidans sou atak la, men li presize jiskaprezan pa genyen endis ki montre 2 moun ki responsab zak la fè pati yon gwo rezo laterè aletranje. Sepandan, chèf Mezon Blanch lan, pou asire pèp ameriken an ki genyen chak jou pi plis dout sou estrateji li pou konbat Eta Islamik la di yo : "Gouvèman li a pran "sekirite yo oserye e Lèzetazini ap ranfòse defans li kont menas teworis la e lame a ap rapousuiv san pran souf rezo teworis yo aletranje".
"Menas teworis la reyèl, li vre, men "n ap wè bout li". Nou pra l detwi Eta Islamik ou nenpòt lòt òganizasyon teworis ka p eseye detwi nou", misye Obama di yo, e li pwomèt yo "Lame amerikèn nan pral chèche e elimine lidè teworis yo kèlkeswa nan peyi kote yo kache ou pran refij".
Sou kriz Siri a (yon peyi kote Eta Islamik la okipe yon gwo posyon tèritwa siryen an--- e kote yon koalisyon Etazini ap bonbade depi plis pase 1 an kan antrennman ak baz ekonomik gwoup la) prezidan Obama di Lèzetazini pral kontinye fòme e ekipe fòs siryen ak fòs irakyen ka p goumen kont militan Eta Islamik la. Prezidan an di "Kominote entènasyonal koumanse ap prepare yon fèy de wout pou mete yon fen nan lagè sivil k ap sakaje depi 2011 peyi arab sa a" e ki reprezante yon "avantaj bab ak moustach" pou gwoup teworis yo ki renmen peyi ki genyen enstablite e ki pa genyen yon gouvènman fò k ap travay pou pèp li. Sepandan, prezidan Barack Obama di "Lèzetazini pa pra l voye plizyè milye sòlda al batay kont Eta Islamik ni nan Siri ni nan Irak, paske se sa menm gwoup la swete e ap chèche pou l rekrite e angaje moun sou pretèks l ap mennen yon lit kont anvayisè oksidantal kretyen epi fè sa pase kòm lagè relijyon".
Sou plan lokal, prezidan Obama anonse li pral mande sèvis imigrasyon reevalye pwogram viza K1 an ki pèmèt yon moun ki renmen e fiyanse ak yon lòt fè l antre Ozetazini pou yo kapab marye. Se ak yon viza konsa Tashfeen Malik, madanm sitwayen ameriken Syed Rizwan Farook (koup ki responsab atak 2 desanm nan) te antre Ozetazini. Zanmi ak kòlèg travay Farook panse se dam nan (ki se moun peyi Pakistan) ki lave e pran tèt li e fè l tounen yon radikal.
Lidè ameriken an egzòte tou konsitwayen l yo pou yo pa "kouri mete tout mizilman nan menm sak paske se 2 mizilman ki komèt zak laterè sa a".
Pou fini, prezidan Barack Obama envite palmantè ameriken (Demokrat ak Repibliken) travay avèk li pou rann li pi difisil pou sivil achte zam lagè fann fwa pou yo komèt masak ak krim tankou sa fèt souvan depi 5 dènye ane yo Ozetazini
Prezidan Barack Obama Deklare Atak 2 Desanm nan San Bernardino, Kalifòni a, Se yon Zak Teworis
WASHINGTON, DC —