PÒTOPRENS
Jounalis Jacques Bourdeau, kap travay nan Radio Métropole, nan Pòtoprens, fè n konnen an gwo, jounen elektoral la dewoule san twò gwo pwoblèm nan kapital la. Kontrèman ak jan sa te pase pou eleksyon lejislatif 9 out pase a, to patisipasyon an te elve anpil. Nan pi fò biwodvòt nan kapital la, operasyon elektoral la te pran fen a 4 trè de laprè-midi, jan lwa elektoral la prevwa l la.
Daprè jounalis Bourdeau, lè lè sa a te rive, yon ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te gen yon pòtvwa nan men li e l sèvi avèk li pou l mande tout moun ki pat yon ofisyèl elektoral, yon mandatè, oubyen yon obsèvatè, kite santdevòt yo.
IREGILARITE
Jacques Bourdeau di kèk biwodvòt te sibi yon veritab envasyon bò kote mandatè yo, paske kantite a te depase chif nòmal Konsèy Elektoral la te prevwa a –olye de 4 a 5 pa pati, kantite a te depase chif sa a lontan, paske pati politik yo pat dakò ak modòd KEP a. Sa te pran yon bon ti tan anvan pou responsab yo te rive mete lòd nan sitiyasyon sa a.
JOUNEN ELEKTORAL LA NAN DEPATMAN NÒ
Nan Kap-Ayisyen, korespondan nou Yvan Matin Jasmin fè konnen eleksyon an se yon gwo siksè atravè Depatman Nò a ak Depatman Nòdès la. Yvan te siyone 2 depatman sa yo kote li te ale, pa egzanp, nan vil tankou Limonad, Akil di Nò, Lenbe, Twou di Nò, Karakòl, san bliye sant-vil Kay-Ayisyen ak seksyon kominal ki depann de vil la. Li di Polis Nasyonal d Ayiti ak MINUSTAH te ofri yon dispozitif sekirite trè sere --men byen efikas-- nan tout sikonskripsyon yo, e pat gen okenn derapaj, okenn iregilarite ki ta merite siyale.
Elektè yo sanble te tèlman kontan ranpli devwa sitwayen yo –sitou kontan pou jan eleksyon an dewoule nan lapè ak lòd-- menm aprè biwodvòt yo te fèmen, moun te kapab obsève prezans anpil votan devan biwodvòt yo. Sepandan, Yvan presize anpil nan moun sa yo se elektè ki te rive nan santdevòt aprè fèmti biwodvòt yo ki te ouvè a-lè byen bonè nan kòmansman jounen 25 oktòb la.
SITIYASYON AN NAN BA PLATO SANTRAL LA
Jean-Christophe Collègue, korespondan Lvwadlamerik nan Mirebalais, nan Ba Plato Santral la, di nou depi byen bonè nan kòmansman jounen an, anpil moun te an liyn pou yo ranpli devwa sivik yo, sètadi jete bilten pou chwazi Prezidan Repiblik la, manm palman an (Depite ak Senatè), majistra kominal ak dirijan gouvènman lokal yo.
Nan komin Boukan Kare, Polis Nasyonal la poze arestasyon plis pase 15 moun ki te nan yon machin ki te swadizan gen zam ladan n. Otorite yo pat pran tan pou yo voye moun sa yo devan yon jij-de-pè pou jijman nan menm jounen dimanch la. Se yon egzanp ki montre dispozisyon PNH te pran pou eleksyon yo byen pase, epi evite drapaj ki te genyen pandan jounen eleksyon palmantè 9 out pase a.
Toujou daprè Jean-Christophe Collègue, nan Mirebalais, Las Cahobas ak Savanette tout bagay byen pase, malgre kèk ti ensidan --sitou nan Savanette-- ki pa tèlman peze lou sou ansanm dewoulman eleksyon an. Li atire atansyon sou gwo wòl travay KEP a reyalize pou l motive popilasyon an ak sekirite PNH/MINUSTAH ofri, kòm rezon ki eksplike sa li konsidere kòm « siksè jounen elektoral sa a ».
OPINYON OBSÈVATÈ PIERRE ESPERANCE
Dirijan RNDDH (Rezo Nasyonal pou Defans Dwamoun ann Ayiti), Pierre Espérance, ki te sèvi kòm obsèvatè nan yon santdevòt nan Pòtoprens, fè konpliman pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a poutèt li te pran tout dispozisyon ki nesesè pou l evite repetisyon iregilarite ki te make eleksyon lejislatif 9 out 2015 la.
Nan yon entèvyou Misye Espérance bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, li di plizyè fwa KEP a ak Polis Nasyonal d Ayiti fè yon bèl travay pou garanti siksè operasyon elektoral la. Lidè RNDDH la di kounyela a, gwo pwoblèm nan se entegrite depouyman vòt yo ak tabilasyon vwa elektè yo, paske ensperyans montre, si yon eleksyon gen yon siksè popilè, toutotan rezilta yo pa sòti epi yo konfòm ak volonte elektora a, demokrasi poko ranpòte laviktwa vrèman. Kidonk, daprè li, obsèvatè nasyonal yo, lidè sosyete sivil la, pati politik yo, tout pati konsène yo an jeneral dwe kotinye rete veyatif jiskaske KEP a va pwoklame rezilta yo.