Accessibility links

Breaking News

Somè Sino-Ameriken. Rankont Prezidan Obama avèk Prezidan Xi.


Yon gad militè ki tap tann Prezidan Barack Obama ak kòlèg chinwa li, Prezidan Xi Jinping, pou yon seremoni ofisyèl ki salye arive Misye Xi sou pelouz sid Mezon Blanch la nan Washington, nan jounen jedi 24 septanm 2015 la.
Yon gad militè ki tap tann Prezidan Barack Obama ak kòlèg chinwa li, Prezidan Xi Jinping, pou yon seremoni ofisyèl ki salye arive Misye Xi sou pelouz sid Mezon Blanch la nan Washington, nan jounen jedi 24 septanm 2015 la.

Prezidan Chinwa a, XI Jinping ak prezidan ameriken an, Barack Obama, pral kontinye, vandredi 25 septam 2015 la, diskisyon yo te kòmanse jedi pou yo chache rezoud diferans opinyon yo konsènan le fèt ke Lachin ta sèvi ak entènèt la pou l fè espyonaj sou Lèzetazini, konsènan tou politik ekonomik Peken epi mezantant ki egziste ant Lachin ak kèk peyi vwazen sou lizyè dlo tèritoryal yo nan rejyon Lanmè Lachin nan.

Nan sware jounen vandredi a, Prezidan Obama pral akeyi kòlèg chinwa li a nan yon dine d'onè kote Misye XI gen pou l resevwa tout onè-respè ran li merite. Nan jounen jedi a, Misye Obama ak Misye Xi te rankontre deja pou yon dine travay ki dewoule an fas La Mezon Blanch e kote tèm prensipal la se sekirite sou Entènèt la.

Misye Xi te rive Ozetazini jedi 24 septanm nan pou 2èm pati yon vizit ki deja mennen li nan vil Seattle, nan Eta Washington sou kòt pasifik la kote lidè chinwa a chache rebay konpayi amerikèn yo asirans lap tavay pou l kreye yon klima ki pi favorab pou envestisman nan peyi li.

XS
SM
MD
LG