Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Election: KEP a Pa Lwen Pibliye Rezilta Eleksyon Lejislatif yo


Nouvèl ki soti Potoprens fè konnen kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, vizite semèn sa a kapital peyi a kote li rankontre ak responsab elektoral yo, Premye Minis Evans Paul, lidè pati politik yo ak dirijan sosyete sivil la. Yon nòt pou laprès anbasad amerikèn nan Pòtoprens pibliye di objektif vizit la sete ekzòte aktè konsène yo pou yo travay ansanm pou evite repetisyon pwoblèm ki te genyen nan premye tou eleksyon lejislatif ki te dewoule nan dat 9 out pase a.

Vizit Misye Merten nan rive nan moman yon delegasyon Club de Madrid vizite peyi a avèk menm objektif la: sètadi ankouraje pwogrè nan pwosesis elektoral la. Pandan vizit sa yo ap dewoule, pati politik yo ak kandida ki pat fè bèl figi nan premye tou eleksyon lejislatif yo ap manifeste pou yo mande anilasyon eleksyon yo ak demisyon manm konsèy elektoral la --yon demand KEP a an blòk rejte.

Pandanstan KEP a ap pare pou l pibliye rezilta definitif premye tou lejislatif yo. Selon Konseye Nehemie Joseph, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, jij yo fin tande plis pase 100 ka kontestasyon konsèy la te resevwa konsènan eleksyon 9 out pase a.

Nouvèl Ayiti pou jedi 24 septanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:46 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kandida a la prezidans Mouvman Popilè Patriyotik Dessalinyen an (MOPOD), Mèt Samuel Madistin, anonse lansman ofisyèl kanpay li pou jedi 24 septanm 2015 la nan vil Sen Mak. Kandida Madistin pwofite okazyon an pou l denonse sa li rele "pratik anti-demokratik pouvwa tèt-kale a"-- yon referans ak pati ki sou pouvwa a nan peyi d Ayiti.

Anfen, sektè touris ak transpòa se prensipal benefisyè vizit Pap Franswa ap fè nan 3 vil Ozetazini, Washington DC, New York City ak Filadelphi, daprè analis ekonomik Roosevelt Jean-Francois. Misye Jean-François, ki reponn kesyon Jacquelin Belizaire, pale de retonbe ekonomik non sèlman vizit Souveren Pontif la, men tou ouvètou Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York.

XS
SM
MD
LG