Ayiit-Prezidansyèl : Kandida pou pòs prezidan anba banyè Platfòm Bouclier, Steeve Khawly, lanse kanpay elektoral li lendi 21 septanm 2015 lan nan Pòtoprens. Korespondan nou Orpha Dessources di nou Misye Khawly pwofite okazyon an pou l demanti enfòmasyon ki ta fè konprann chèf deta ayisyen an, Michel Martelly, ta mande l abandone kous la anfavè kandida PHTK a, Jovnel Moises. Pandansetan kandida yo mennen kanpay nan Nòdwès ak nan Sid kote yo chak eseye mete devan elektè potansyèl yo pwogram yo pou 5 pwochen ane yo si li ranpòte la viktwa nan eleksyon 25 oktòb 2015 la.
Yon lòt kote, direktè jeneral Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite, OFATMA, Max Rudolphe St Albin, pale de pwogrè enstitisyon sa a reyalize nan yon lane. Dapre Misye St Albin, anplwaye leta ki gen kat asirans maladi pap bezwen fè depo lajan nan ka yon ijans nan diferan lopital ki afilye ak OFATMA kontrèman ak lopital prive yo.
Anfen, responsab lajistis yo nan Mirbalè fikse lendi 28 septanm nan kòm dat pou yo jije 3 kandida pou pòs depite anba akizasyon dèske yo ta mele nan dezòd ki te fèt apre dewoulman premye tou eleksyon lejislatif yo nan dat 9 out 2015 pase a.