Ann Ayiti, ofisyèl Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) rankontre, nan jounen vandredi 11 septanm nan ,ak kandida k ap patisipe nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la. KEP a pwomèt kandida yo l ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou l korije erè ak dezòd ki te genyen nan eleksyon lejislatif 9 out pase a. Pa ekzanp, KEP a pran angajman pou l pibliye lis elektè yo nan delè kalandriye elektoral la fikse a pandan responsab yo anile kat obsèvatè elektoral yo.
Rankont 11 septanm nan pat anpeche plizyè pati politik ak kandida manifeste pou yo mande demisyon manm konsèy elektoral la ak anilasyon eleksyon lejislatif yo. Prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, rejte apèl sa a nan non pèsonèl li e nan non lòt manm KEP a.
Pastè Edouard Paultre, youn nan dirijan Konsèy Ayisyen Aktè Non-Etatik yo (CONANE) ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, kwè KEP a pran nan yon pyèj akoz iregilarite ak fwod ki lage diskredi sou eleksyon 9 out yo.
Yon lòt kote, yon delegasyon Ministè Komès ayisyen an vizite Pòdepè nan wikenn pou yon rankont ak òm dafè yo nan Depatman Nòdwès la. Objektif rankont sa a sete idantifye pwoblèm sektè komès ak endistri a ap konfwonte nan depatman an. Selon yon responsab nan ministè a, gouvènman an ap travay pou l ede kreye travay nan sektè agrikòl la a travè depatman an.
Anfen, Prezidan Michel Martelly di se ak anpil tristès li aprann nouvèl lanmò, samdi 12 septanm 2015 la, Ati Nasyonal la, prezidan sektè vodou a, Max Gesner Beauvoir apre yon maladi li te sipòte ak anpil kouraj. Nan yon nòt ki soti nan biwo kominikasyon prezidans la, nan non gouvènman an ak pèp ayisyen an, chèf deta a prezante sensè kondoleyans li bay fanmi ak zanmi defen an ansanm ak tout pratikan vodou a ke Max Beauvoir te konn defann kòm chèf siprèm relijyon sa a.