Accessibility links

Breaking News

Lewòp/Kriz Refijye.- Lalmay Dispoze Resevwa 800 Mil Nouvo Migran.


Sitwayen alman ak pannkat nan men yo, kap di yon gwoup refijye "Byenveni" pandan yo tap rive nan prensipal estasyon tren vil Dortmund, ann Almay, nan jounen dimanch 6 septanm 2015 la.
Sitwayen alman ak pannkat nan men yo, kap di yon gwoup refijye "Byenveni" pandan yo tap rive nan prensipal estasyon tren vil Dortmund, ann Almay, nan jounen dimanch 6 septanm 2015 la.

Sou kontinan ewopeyen an, arive vag imigran yo ap kontinye nan jounen lendi 7 septanm 2015 la. Kounye a, li vin pi fasil pou etranje yo pase sou tèritwa La Ongri a pase jan sa te ye semèn pase a, kote peyi sa a te sanble dispoze fè tout sa l te kapab pou l anpeche imigran yo ale nan peyi ki pi rich nan pati lwès kontinan an. Kounye a, otorite ongwa yo ap afiche nan yon estasyon tren nan kapital la, Budapest, orè vwayaj yon seri de tren ki sòti nan peyi Lotrich e kap transpòte refijye yo. Semèn pase a, lapolis te tire kout-gaz lakrimojèn sou migran yo ki te rasanble nan estasyon an avèk espwa pou yo t ale nan peyi Lotrich. Daprè yon obsèvatè ki sou plas, tout tren sa yo chaje ak migran sèlman e se san difikilte yap fè deplasman ann Otrich.

Lè refijye yo rive nan estasyon tren Westbahnhof la nan vil Vyèn, se gwo aplodisman yo resevwa nan men otrichyen yo ki akonpaye yo nan yon lòt tren; se 2èm tren sa a ki mennen yo nan peyi Lalmay, paske pa tèlman gen anpil nan yo ki dispoze rete ann Otrich. Rezon an, sè ke anpil nan yo deja genyen manm fanmi yo ann Almay e paran sa yo ankouraje yo vin jwenn yo sou tèritwa jèmanik la.

Lalmay se peyi ki pi rich sou kontinan ewopeyen an. Gouvènman an pale byen bonè nan jounen lendi 7 septanm nan pou l di lap mete sou kote, pandan 12 mwa kap vini la yo, yon sòm 6 milya 600 milyon dola an plis lajan ki te deja disponib pou absòbe flo migran sa yo e pèmèt yo entegre yo nan sosyete almand la. Gouvènman an ajoute li dispoze resevwa jiska 800 000 migran.

XS
SM
MD
LG