Yon komisyon medyasyon deziye apre anpil negosyasyon, Jean Clarens Renois, kandida pati politik Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon (UNIR), kòm reprezantan sektè pwotestan an nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan dat 25 oktòb 2015 la.
Lidè UNIR la te gen an fas li yon non moun konnen trè byen nan milye legliz refòme yo, an palan de Pastè Chavannes Jeune (Pati Canaan), avèk Jean Palerme Mathurin (Platfòm G-18). Misye Renois, ki bay premye enpresyon li nan mikwo Jacquelin Bélizaire, fè konnen li espere lòt gwoup ou regwoupman politik va monte sou menm wout la yon fason pou bay rezilta li tap chache lè li te lanse lide yon “candidat unique” pou chak sektè a.
Yon lòt kote, 3 manm Kou Siperyè dè Kont ak Kantansye Administratif anonse yo pral rele devan lajistis pou difamasyon Jonas Coffy, sekretè egzekitif pati politik Ayisyen pou Ayiti. Se prezidan enstitisyon an, Fritz Robert Saint Paul, ak 2 lòt jij : Jean Ariel Joseph ak Saint-Juste Momprevil. Pleyan yo baze pozisyon yo sou le fèt ke sa pa gen lontan, daprè yo, Misye Coffy ta lanse akizasyon pou di yo ta mele nan kout mal taye pou fè kandida a la prezidans jwenn dechay nan move kondisyon.