Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis ak Sekirite: Etid sou yon Posib Transfè Prizonye Gwanntanamo yo.


Yon sòlda lame amerikèn ap fèmen yon baryè nan prizon sekirite maksimòm Camp Delta sou baz naval Guanntanamo a, nan Kiba.
Yon sòlda lame amerikèn ap fèmen yon baryè nan prizon sekirite maksimòm Camp Delta sou baz naval Guanntanamo a, nan Kiba.

Ozetazini -pi presizeman nan vil Charleston, nan Eta Kawolin di Sid- yon ekip otorite ki travay sou kesyon defans nasyonal, ap fè yon etid sou prizon ak sekirite militè mwayen pou yo konnen ki kote gouvènman ameriken an kapab transfere prizonye ki fèmen jounen jodi a nan enstalasyon militè ki sou baz Gwantanamo a, nan Kiba. Sou kesyon sa a, Tim Scott, yon senatè ameriken ki reprezante Eta Kawolin du Sid nan Kongrè a, pale ak laprès pou fè konnen opinyon li:

"Pwoblèm sa a se pa pwoblèm vil Charleston oubyen yon kesyon lokal sèlman. Pi fò moun nan Eta nou an fin pa konprann se pa yon pwoblèm pou Kowolin du Sid senpleman. Se yon kesyon ki gen rapò ak sekirite nasyonal nou e nou dwe pran li o-serye. San sa, nap twouve nou an fas youn nan pi gwo menas peyi sa a janm konfwonte."

Ekip espesyalis la sou plas nan vil Charleston depi mèkredi 2 septanm 2015 la ; li genyen 2 jou pou li fini etid la. Jedi 3 septanm nan lap pral travay nan yon enstalasyon militè ki sou yon baz naval nan vil la. Yon lòt ekip ofisyèl t al fè menm etid la nan mwa d out la nan vil Leavenworth, nan Eta Kansas.

XS
SM
MD
LG