Nan peyi Lachin, 44 moun pou pi piti mouri e plizyè santèn lòt blese nan yon seri eksplozyon ki rive nan yon depo materyèl danjre nan vil Tianjin ki nan pati nòdès peyi a nan sware jounen mèkredi 12 out 2015 la.
Foto ak video montre gwo flanm dife ak gwo nyaj kap monte tou pre yon pakèt gwo gratsyèl; sa pwovoke gwo chòk ki souke moun ki sou plizyè kilomèt distans ak kote eksplozyon yo rive.
Daprè Ajans Chin Nouvèl, plizyè santèn ponpye te kouri sou plas pou eseye kontwole dife a; men efò yo vin konplike akoz kondisyon yo ki difisil sou teren an. Anpil nouvèl fè konnen sapè ponpye yo oblije kanpe operasyon yo pou yo reprann yo lè yo detèmine pa gen pwodui chimik ankò nan depo yo. Medya leta di omwen 32 moun twouve yo toujou nan yon kondisyon grav apre eksplozyon yo. Gen 400 moun pou piti ki blese.