Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl / Premye Deba Kandida Pati Repibliken an


Kandida repibliken pou pòs prezidan ameriken an. De goch a dwat: Chris Christie, Marco Rubio, Ben Carson, Scott Walker, Donald Trump, Jeb Bush, Mike Huckabee, Ted Cruz, Rand Paul, and John Kasich. Yo patisipe nan premye deba pati a òganize jedi 6 out 2015 la, nan Quicken Loans Arena, nan vil Cleveland, Eta Ohio. (Foto: AP/John Minchillo).
Kandida repibliken pou pòs prezidan ameriken an. De goch a dwat: Chris Christie, Marco Rubio, Ben Carson, Scott Walker, Donald Trump, Jeb Bush, Mike Huckabee, Ted Cruz, Rand Paul, and John Kasich. Yo patisipe nan premye deba pati a òganize jedi 6 out 2015 la, nan Quicken Loans Arena, nan vil Cleveland, Eta Ohio. (Foto: AP/John Minchillo).

Ozetazini, vrè kanpay elektoral pati repibliken an pou prezidansyèl 2016 la kòmanse nan lasware jounen jedi 6 out 2015 la nan vil Cleveland, nan Eta Ohio, kote 10 kandida te reponn prezan pou yo patisipe nan premye deba prezidansyèl pati a nan moman rete 6 mwa pou leadership pati a oganize premye eleksyon primè a nan Eta Iowa. Tout bagay pase nan Quicken Loans Arena, ki se yon stad ki ka kenbe 20 mil moun, alòske òganizatè yo te distribiye 4 mil 500 tikè sèlman.

Kandida Donald Trump -yon milyadè ki fè lajan l nan lavant imobilye e ki popilè pou yon pwogram sou biznis ak jesyon "des affaires" li anime nan televizyon- se patisipan ki te atire plis atansyon an. Nan kòmansman deba a, li te bay repons ki sanble satisfè majorite moun ki poze kesyon yo. Bò kote li te genyen kèk gouvènè (prezan ak ansyen) ak pèsonalite ki poko janm okipe yon pòs elektif, tankou doktè chirirjyen-sèvo Benjamin Salomon Carlson. Pi fò nan yo te jwenn gwo aplodisman lè yo te lanse kèk ti toya sou Misye Trump kap mennen nan sondaj dopinyon yo.

Kandida Jeb Bush --yon ansyen gouvènè Eta Florid obsèvatè yo konsidere kòm yon favori nan je dirijan repbliken yo-- rekonèt li dwe fè efò pou l montre moun li pa menm avèk gran frè l la, ansyen Prezidan George W. Bush, ni papa li --an palan de George H.W. Bush ki se yon ansyen prezidan tou. Anpil nan kandida yo atake seryezman administrasyon Obama a poutèt akò sou pwogram nikleyè iranyen an ak plan daksyon li mete sou pye pou l kontrekare mouvman Gwoup Eta Islamik la nan Irak ak Siri.

Se konsa, Senatè Ted Cruz (ki reprezante Eta Tegzas nan Gran Kò Kongrè a) pale pou l di Lèzetazini pap janm ranpòte laviktwa sou militan islamik yo toutotan peyi a pa genyen yon prezidan ki dispoze tout bon pou l sèvi ak mo “teworis” la pou pale de terowis islamik radikal yo. Gouvènè Eta Wisconsin nan, Scott Walker, li menm tou, pale de akò entènasyonal ak Iran an pou l di, si l prezidan, lap elimine antant la depi sou premye jou li nan La Mezon Blanch.

Moun ki tap swiv deba a pat manke pa remake yon konfwontasyon ki fèt ant gouvènè Eta New Jersey a, Chris Cristie, avèk Depute Ron Paul. Yo youn lanse pawòl piman bouk sou lòt lè yo tap pale de fason pou otorite ameriken yo defann peyi a kont atak teworis pandan ke, an menm tan, yap pwoteje dwa sitwayen yo pou yo jwi libète yo totalman. Si gen yon bagay ki sèten, sè ke akò sou pwogram nikleyè Iran an, ak lit kont gwoup Eta Islamik la reprezante 2 prensipal tèm ki pral domine, pandan lontan, kanpay prezidansyèl la Ozetazini.

XS
SM
MD
LG